Accessibility links

Breaking News

Chikago ap Akeyi Semi Final Koup Dò KONKAKAF la


Foutbòl/ KONKAKAF

Vil Chikago eta Illinois ap akeyi semi final koup dò KONKAKAF la kote Meksik ap jwe kont Kosta Rika epi Onduras kont chanpyon an tit la, Etazini. Venkè 2 rankont sa yo ap rankontre an final Dimanch 26 Juyè nan Giant Stadium nan nan New York pou detèmine chanpyon koup dò KONKAKAF la.

Ayiti kont Irak

Yon lòt kote seleksyon Ayisyèn nan pap chome, malgre yo sot jwenn eliminasyon yo nan kar de final koup dò KONKAKAF la. Ayisyen yo pral jwe 2 match amikal entènasyonal kont seleksyon Irakyen an ak yon seleksyon Palestine. Antrenè 11 Nasyonal ayisyen an, Kolonbyen Jairo Rios Rindon, di se yon okazyon Grenadye yo pa kapab rate. Antrenè Rindon di: "11 Nasyonal Ayiti a pral jwe 2 match amikal nan Mwayen Oryan an le 12 Out kont Irak nan vil Bagdad epi le 15 Out kont seleksyon Palestine nan."

Seleksyoné yo pratikman retounen nan klub yo apre yon echèk 4 a 0 Ayiti te subi nan men Meksik ann atandan yo reyuni nan Pòtoprens pou prepare rankont yo. Pou sa ki gen rapò ak jwè ayisyen kap evolye a letranje yo –eh byen jwè sa yo pral vwayaje dirèkteman nan peyi Irak pou yal rejwenn seleksyon ayisyèn nan. Nou te mande antrenè Jairo Rios Rindon enpresyonn l sou defèt 4 a 0 Ayiti subi devan Meksik la.

"Gen anpil bagay ki pat mache byen : dabò, nan nivo teknik jwè yo pat nan menm nivo ak Meksiken yo ki te gen supò piblik la. Malgre tou, ayisyen yo te fè tout sa yo kapab. Sou plan taktik, Meksiken yo te depasen nou. Tout faktè sa yo, mete ansanm, te kontribye nan eliminasyon 11 nasyonal la."

Antrenè Jairo Rios Rindon te pale nou de avni seleksyon nasyonal la aprè yo elimine nan kar de final koup dò KONKAKAF la.

Antrenè Rindon di : "Ayiti pa janm jwen yon piblisite tankou li jwen nan koup dò a kote tout la près ap pale de 11 nasyonal la. Nou ka di foutbòl ayisyen an rekanpe sou 2 pye l. Nou dwe pwofite de ouvètu sa a nou jwen sou sèn entènasyonal la pou n kontinye vanse ak yon travay tèt ansanm e byen òdone."

Foutbòl/ Brezil

Koup du mond 2014 la kapab koute otorite Brezilyen yo plis pase 40 milya dola nan enfrastruktu sèlman. 12 vil Brezilyen yo pwojte pou depanse 41 milya 700 milyon dola pou akeyi konpetisyon an.

Tenis/ US Open

Swis Roger Federer ki ranpòte tounwa 5 fwa tounwa tenis US Open n an, espayòl Rafael Nadal, ameriken Andy Roddick figure pami jwè tenis kap patisipe nan tounwa a ane sa a kap kòmanse 31 Out pou fini 13 Septanb. Federer pral eseye tounen premye jwè tenis ki ranpòte tounwa a 6 fwa. Dènye fwa yon jwè tenis te ranpòte tounwa US Open nan 6 fwa se te an 1922 lè Bill Tilden te ranpòte tounwa a 6 fwa afile.

Baskètbòl/ Chin

Denver Nuggets ak Indiana Pacers gen pou jwe 2 match amikal nan nan Taipei 8 Oktòb epi nan vil Peken an Chin 11 Oktòb.Gen 5 match basketball kap jwe an deyò Etazini ak Kanada avan debu sezon an.

Boxing/ Meksik

Boksè Meksiken Marco Antonio Nazareth mouri 4 jou apre li te pèdu konsyans pandan yon match boks kot Omar Chavez ki te lage l 2 pye long nan premye round match la.

Je Zolenpik

Yon responsab wo plase gouvènman Rus la fè konnen konstruksyon enstalasyon spòtif pou je dhivè yo nan vil Sochi kapab koute 5 pou 100 mwen chè kontrèman ak previzyon yo te fè . Kou atkyèl la se 6 milya 200 milyon dola kontrèman ak 6 milya 600 milyon dola. Gouvènman Rus la gen pou l bay 3 milya 270 milyon dola nan lajan an. Sektè prive a ap finanse rès la.

XS
SM
MD
LG