Accessibility links

Breaking News

4 Meyè Peyi KONKAKAF la nan Semi Final Koup Dò a


Foutbòl/KONKAKAF

Jedi kap vini la a Meksik ap rankontre Kosta Rika nan semi final koup dò KONKAKAF la kap dewoule nan Chikago. Lòt semi final la ap mete fas a fas Onduras fas a Etazini.

Meksiken yo kalifye apre yon danse sou Ayiti ak yon viktwa 4 a 0. Kosta Rika jwenn tikè l apre li pilon-nen Gwadeloup 5 a 1. Etazini te fè anpil efò avan li kale Panama 2 a1 epi Honduras ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Kanada.

Venkè semi final yo ap rankontre an final nan Giant Stadium nan New York Dimanch 26 Juyè.

Foutbòl/ Azi

Klub angle Manchester United ranpòte yon viktwa 2 a 0 devan yon seleksyon Malezi nan kad virewon ekip angle a ap fè an Azi avan debu chanpyona Angle a. Manchester United gen pou vizite Sewoul avan yo ale an Chin.

Foutbòl/ Koup du Mond

Komite òganizatè koup du mond 2010 la kòmanse resevwa aplikasyon nan men moun ki vle ofri sèvis yo gratis pandan dewoulman koup du mond la. Responsab yo di yo bezwen 15 mil volontè ki gen 18 tan pou pipiti e ki kapab pale, ekri epi li angle. An retou komite òganizatè a pwomèt nouritu, unifòm ak frè transpò.

Foutbòl/ Etazini

Premye match Defi Foutbòl Mondyal fini sou tir de penalite apre tan reglemantè a te fini 1 a 1. Klub Meksiken Amerika ranpòte yon viktwa 5 a 4 devan klub Italyen Inter de Milan nan Standford an Kalifòni. Tounwa a kap dewoule nan 6 vil ameriken gen patisipasyon 4 pi gran klub foutbòl sou planet la—Chelsea, Milan AC ak Inter de Milan epi klub America. Aswè a nan Pasadena an Kalifòni Chelsea ap rankontre Inter de Milan. Mèkredi 22 Juyè nan Atlanta, Jorji Club Amerika kont Milan AC epi Vandredi 24 Juyè Chelsea ak Milan AC pral mate balon nan Baltimore, Maryland.

Foutbòl/ FIFA

FIFA aksepte pou la Beljik ak La Oland prezante kandidatu pou òganize koup du mond la an tandem akondisyon gen yon sèlman komite òganizatè. Oland/Belj epi Espay/ Portugal gen pou soumèt kandidatu yo disi Me 2010. FIFA déjà resevwa 11 aplikasyon 11 peyi ki ta renmen akeyi koup du mond 2018 ou byen 2022.

FIFA aksepte retou Etyopi nan òganizasyon foutbòl mondyal la apre yo rezoud pwoblèm ki te genyen ant federasyon ak otorite lokal yo. Federasyon an òganize eleksyon ki te pami kondisyon ki te fikse pou Etyopi retounen nan federasyon

Olenpik/ Lond

Komite òganizatè Je zolenpik Lond 2012 yo demare konstruksyon yon lòt faz nan enstalasyon spòtif yo ak posibilite pou kèk pami yo disponib yon lane avan debu konpetisyon an. Kèk pami enstalasyon spòtif sa yo pral transfòme pou sèvi kominote yo apre fen konpetisyon an.

Tenis/ Nadal

Jwè tenis Espayòl Rafael Nadal rekòmanse antrene apre li te pran yon zòbòy nan pye. Blesu te anpeche Nadal defann tit li te ranpòte nan Wimbledon nan akoz Blesu. Nadal espere patisipe nan pwochen tounwa tenis dè Mèt yo ki gen pou dewoule nan Montreal Kanada mwa pwochen an.

XS
SM
MD
LG