Etazini ak lòt gwo peyi endistriyalize yo pote kole nan yon gwo jefò pou konbat grangou nan lemond. Efò sa a ke Prezidan Barack Obama te lanse nan rankont li te fè ak nasyon manm Gwoup G-8 la, nan vil l’Aquila, nan peyi Itali, pral angaje peyi sa yo pou yo atenn yon objektif 20 milya dola asistans tou nèf pou agrikilti ak sekirite alimantè. Prezidan Obama di: “Nou pa konsidere asistans sa a kòmsi se solisyon final la. Nou kwè objektif èd la dwe genyen se kreye kondisyon pou li vin pa nesesè ankò.”
Nasyonzini te rapòte tou dènyèman la a, kantite moun k’ap soufri grangou nan lemond ogmante depi ane 2007, e li kapab depase 1 milya disi fen ane 2009 la. Kriz ekonomik mondyal la ka rann sitiyasyon an pi grav toujou, e lidè mondyal yo te pwofite somè ekonomik yo fè chak ane a pou yo chita sou dosye kriz sa a.
Ann Afrik, nou jwenn an gran kantite youn nan eleman ki pi
nesesè pou sekirite alimantè: bon tè ki ka fè jaden. Sepandan, kontinan an
manke kèk lòt bagay, tankou bon kalite plan pou moun simen, ekipman pou yo
wouze jaden yo, epi sistèm transpò ak depo machandiz. Nouvo inisyativ la vize
ogmante pwodiksyon manje a, gras ak pi bon aksè l’ap bay plantè yo pou yo ka
jwenn sa ki nesesè pou yo travay epi resevwa fòmasyon teknik. Envesti nan
konstwi depo agrikòl ak enfrastrikti pral fè pati strateji a tou.
Ane pase, akòz ogmantasyon pri manje, te gen gwo dezòd
nan kèk peyi. Sa te souliyen dilèm ki anfas pwogram èd alimantè yo kounye a. Lè
stòk manje yo ba nan lemond, souvan yo pa ase pou distribye nan peyi ki pi pòv
yo, e menm lè gen anpil manje an rezèv nan lemond, souvan yo koute tèt nèg.
Inisyativ Prezidan ameriken an te anonse semèn pase a vle chanje sistèm sa a,
avèk èd li pral bay plantè yo, ak nasyon plantè sa yo ap nouri, pou yo pwodui,
yo menm, plis nan resous yo bezwen yo.