Accessibility links

Breaking News

Seyans Ratifikasyon Jij Sonia Sotomayor Tanmen Nan Kongrè Ameriken an


Seyans ratifikasyon Jij Sonia Sotomayor, ke Prezidan Barack Obama chwazi pou ranplase David Souter nan Lakou Siprèm Etazini an, tanmen jodi lendi a nan Komisyon Justis Sena Ameriken an.

Apre entwodiksyon manm komisyon an, epi yon prezantasyon kandida a (ke Senatè New York-yo—Schumer ak Gillibrand—te fè), Jij Sotomayor te pran lapawòl. Li te chache kalme krent Repibliken yo genyen sou filozofi li, lè li deklare, “travay yon jij se pa pou li fè lwa, men pou li aplike lalwa.” Li di eksperyans pèsonèl li ak karyè pwofesyonèl li, ede l’ konprann sosyete a pi bye, men sa pa dikte rezilta okenn ka l’ap tande an tan ke Majistra.

Si ou fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la, w ap tande yon repòtaj sou premye jounen seyans ratifikasyon an ak Senatè Patrick Leahy, Prezidan Komisyon Jistis Sena a, kòm dirijan. Ronald César prepare tou yon pwofil Jij Sotomayor pou nou.

XS
SM
MD
LG