Accessibility links

Breaking News

Ouvèti Konferans Kooperasyon Desantralize a nan Montrouis


Chèf gouvènman ayisyen an, premye minis Michèle D. Pierre-Louis inogire vandredi "kongrèKooperasyon Desantralize" a nan Klib Endigo, nan Montrouis, yon lokalite ki a anviwon 95 km o nò kapital Ayiti a, Pòtoprens.

Madan Pierre-Louis ki envite 140 majistral kominal ayisyen nan woumble a, kote plizyè "maires" lòt zile frankofòn nan karayib la ap patisipe tou, di reinyon an se yon okazyon pou Ayiti ranfòse koooperasyon li ak La France kap travay men-nan-men ak peyi li nan domèn sa a.

Premye minis la di "Ayiti dwe sezi chans ki prezante devan li, epitou patnè nasyonal e entènasyonal yo dwe kanpe ak nou nan batay pou edikasyon, sante ak dlo potab la".

Korespondan nou Clarens Renois di Christian Conan, anbasadè La France nan peyi Dayiti ak ansyen minis kooperasyon eksteryè franse Charles Josselin, te prezan nan Konferans lan.

NB: Fè yon klik sou ralonj anwo, adwat, atik sa a pou devlopman gran pwen sa a ak tout lòt nouvèl ki fè aktyalite vandredi 10 jiyè 2009 la.

XS
SM
MD
LG