Accessibility links

Breaking News

Jamayiken Usain Bolt Bat Rekò nan 200 mèt la


Atletisme

Kourè Jamayiken Usain Bolt kouvri pou yon 4 trièm fwa distans 200 mèt la pi rapid. Bolt ki tap patisipe nan chanpyona Atletism-nan madi 7 Juyè a nan vil Lauzane an Suisse, kouvri distans la an 19 sekond 59 anba gwo la pli.

Foutbòl/ CONCACAF

Ayiti ap rankontre la Grenad jodi a isit Washington( nan stad RFK a) nan kad 2 rankont gwoup B a epi Etazini kont Honduras. Nan group A Madi swa Kosta Rika kale Jamayik 1 a 0 pandan ke Kanada ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 Salvador pou l kalifye pou kar de final la apre 2 viktwa.

Foutbòl/ Mwayen Oryan

Seleksyon nasyonal foutbòl Irakyen an ap jwe 2 match amikal pou la premyè fwa a domisil depi 2002 dapre anons federasyon an fè Madi 7 Juyè a. Irakyen yo ap rankontre Palestin nan Arbil Vandredi 10 Juyè epi 2zyèm rankont la ap dewoule Lendi 13 Juyè nan vil Bagdad. Irak, ki te ranpòte koup Azyatik la an 2007, elimine nan koup du mond Afrik du Sud 2010 la.

Foutbòl/ Etazini

Defansè seleksyon foutbòl ameriken Oguchi Onyewu, kap jwe nan Standard de Liege siyen yon kontra pou l al jwe nan Milan AC daprè anons klub Milanè a fè. Pa gen detay sou tèm ak kondisyon ki gen nan kontra a.

Siklisme/ Tour de France

Siklis franse Thomas Voeckler ranpòte 5 kièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la pandan ke swis Fabian Cancellara toujou nan tèt klasman jeneral la ak yon fraksyon sekond devan ameriken Lance Armstrong epi espayòl Alberto Contador klase 3 zièm ak 19 sekond.

Cyclisme/ Dopaj

Avoka kap defann siklis alman Stefan Schumacher konfime echantiyon B urin siklis la ki teste pandan je zolenpik Peken yo pozitif pou sibstans CERA, yon nouvèl jenerasyon dwòg EPO. Avoka Michael Lehner a fè anons la yè Madi a malgre siklis la kontinye ap demanti akuzasyon kòmkwa li ta sèvi ak sibstans pou fè l bay bon randman nan konpetisyon an.

Schumacher sèmante lap konbat akizasyon an. Schumacher resevwa yon sispansyon 2 zan apre li te teste pozitif pou uzaj CERA pandan kous bisiklèt Tour de Frans la an 2008. Siklis la ap fè fas ak yon sispansyon avi pou tès pozitif Peken yo.

Tennis / US Open

Òganizatè tounwa tenis Gran Chelem US Open( flushing Meadow) anonse prim konpetisyon an ogmante pou rive 21 milyon 600 mil dola. Asosyasyon tenis pwofesyonèl ameriken an di sa fè 3zyèm ane depi prim nan ogmante de 1 milyon dola.

Chanpyon nan kategori “ simple Messieurs “ ak “ Simple Dames “ ap resevwa 1 milyon 600 mil dola yo chak ---- swa yon ogmantasyon 6-pou-100 konpare ak ane pase. Anplis prim sa-a , venkè yo ap resevwa yon vwati Lexus IS dekapotab modèl 2010. US Open se dènye tounwa tenis Gran Shelem pou ane a. 3 premye nan 2 kategori yo ---maskilen e feminen--- ap resevwa yon bonus 1 milyon dola.

Pa ekzanp, swis Roger Federer te resevwa yon konbinezon 2 milyon 400 mil dola an 2007 pandan ke bèlj Kim Clijsters te resevwa 2 milyon 200 mil dola an 2005.

Baskètbòl/ Etazini

Sityasyon ekonomik mondyal la afekte nivo salè Asosyasyon Nasyonal Baskètball Ameriken an. Responsab yo fikse maximum salè pou sezon 2009-2010 la a 57 milyon 700 mil dola---yon rediksyon ke moun ka konpare ak sezon 2008-2009 la ki te 58 milyon 680 mil dola. Nenpòt ekip nan NBA a ki depanse plis ke plafon salè sa a ap peye yon dola sou chak dola li depanse an plis.

Foutbòl/ Etazini

Senatè ameriken Orrin Hatch mande depatman jistis ameriken an pou ankete sou final inivèsite yo ki ta vyole lwa konpetisyon. Dapre senatè a, sanble gen konferans ki ta jwi plis privilèj ke lòt akoz patisipasyon yo nan faz final foutbòl zèpòl kare inivèsitè yo.

XS
SM
MD
LG