Accessibility links

Breaking News

Chèche Lapè Nan Soudan


<!-- IMAGE -->

Sa fè katran depi faksyon (gwoup) ki nan Nò ak Sid peyi Soudan te mete yon pwen final nan lagè sivil manch long yo t’ap fè a, e siyen yon akò lapè. Sepandan mezantant sou fason akò sa a dwe aplike menase pou plonje nasyon twouble sa a nan konfli ankò. Gen anpil bagay ki an je la a ni pou pèp soudanè a, ni pou rejyon an, e lespwa moun genyen se pou pati konsène yo ta repran angajman pou yo jwenn yon akò final pou konplete tout kondisyon ki nan antant la.

Nan yon konferans isit Washington 23 jen pase a, Etazini ak manm kominote entènasyonal la te re-afime apui yo san rezèv pou jefò ki sou pye pou jwenn aplikasyon total CPA a (abreje anglè pou Akò Lapè Global), nan moman peyi Soudan ap vanse sou wout eleksyon nasyonal an 2010 ak yon referendum an 2011 pou konnen si rejyon Sid la ak pwovens Abyei ap chwazi pou yo separe ak Soudan.

<!-- IMAGE -->

Sekretè-deta-adjwen ameriken James Steinberg te di reprezantan ki te nan konferans la, “Nou anfas kèk echeyans trèzenpòtan nan yon avni ki pa twò lwen. Echeyans sa yo pral jete baz avni Soudan li-menm, an byen ou an mal.”

Akò global 2005 la te bay popilasyon nan sid Soudan otonomi, kidonk dwa pou yo jere pwòp zafè yo, nan domèn relijyon ak politik, epitou yon wòl nan gouvènman inite nasyonal peyi a, pou rive jous nan lane 2011, lè va gen yon vòt popilè pou detèmine si rejyon an ap pran endepandans li nèt.

Gen yon gwo pyè dachòpman ki vin delope sou kesyon kilès ki dwe kontwole pwovens Abyei. Ni gouvènman santral la, ni Mouvman Liberasyon Pèp Soudanè a, yo tou lè 2 reklame rejyon sa a, ki nan sant Soudan e ki chaje ak petwòl. Plizyè fwa deja, gen lese-frape ant sòlda 2 kan yo, depi siyati akò 2005 la. Gen pwoblèm ki vin prezante tou akòz yon resansman nasyonal ki ta dwe founi enfòmasyon de baz pou jan yo pral pataje pouvwa a e divize resous peyi a nan lavni.

Yon tribinal abitraj nan La Oland gen pou li pwononse l’ sou dispit pwovens Abyei la anvan lontan. Si tou 2 pati yo aksepte desizyon tribinal la, se ta va yon kokenn pwogrè nan efò pou fikse lizyè enpòtan kap divize Nò ak Sid Soudan, e sa ta fè wè, yon fwa ankò, ke pati yo
serye toutbon lè yo di yo vle mentni stabilite peyi a e anpeche Soudan retounen nan yon konfli jeneralize. Alòs, yo ta ka atake lòt dosye ki nan akò global 2005 la.

Lèzetazini rete prè pou li bay kout-men pa li nan jefò sila a e li ankouraje tout sektè yo chache aplike akò lapè a.

XS
SM
MD
LG