Prezidan ameriken an, Barack Obama, lanse yon apèl bay Larisi pou mande l travay avèk Lèzetazini pou yo chache rezoud gwo pwoblèm ki poze nan domèn sekirite mondyal la e sou plan ekonomik la nan epòk nap viv la. Misye Obama pale konsa nan yon diskou li fè devan etidyan k ap diplome nan yon fakilte syans ekonomik nan Moskou, kote l ap fè yon vizit ofisyèl depi yè lendi a.
Misye Obama ---ki deklare li vle Lèzetazini genyen pi bon rapò ak Larisi-- kòmanse 2èm. jounen li nan Moskou avèk yon 2èm. seri kontak ak otorite yo. Si lendi li te rankontre avèk Prezidan Dimitry Medvedev, jodi madi a li fè chita-tande pou la premyè fwa ak premye-minis e ansyen Prezidan Vladimir Putin ki, daprè anpil analis, se pi gwo pèsonalite politik peyi a jiskaprezan, paske se li ki ta gen vrè pouvwa a nan men n. Nouvèl yo di ton konvèsasyon ant misye Obama ak Misye Putin te kòdyal, menm jan pawòl yo te chaje ak politès. Prezidan Obama di –n ap site:
"Finalman, nou byen kapab pa rive antann nou sou tout bagay; men mwen panse nou youn kapab montre respè pou lòt, e nou ka tabli kontak ki nan enterè ni pèp ameriken an, ni pèp ris la."
Misye Obama kontinye pou l di etidyan ki te rasanble pou koute l yo, anpil chanjman fèt nan lemond pandan 20 dènye ane yo e li fè yo konnen kijan Lèzetazini anvizaje avni relasyon n avèk ansyen advèsè li pandan Lagè Frèt la, an palan de Larisi. N ap site lidè ameriken an :
"Pou kòmanse, kite m pale klè pou m di Lèzetazini ta renmen wè yon Larisi ki fò, ki pasifik e pwospè. Opinyon sa a genyen rasin ni nan respè nou pou pèp ris la e nan yon istwa 2 nasyon nou yo pataje --yon istwa ki depase kad tout konkirans, kad tout konpetisyon."
Prezidan Obama pale tou de kesyon dwazimen ak souverènte nasyonal – swa 2 sijè ki, nan le pase, te lage mezantant ant Washington ak Moskou.
« Menm jan chak peyi gen dwa pou l chwazi lidè l yo, peyi yo fèt pou gen dwa tou pou yo genyen fwontyè ki gen sekurite, menm jan yo gen dwa dirije pwòp politik entènasyonal yo. Se yon verite pou Larisi, menm jan se yon verite pou Lèzetazini. Tout sistèm ki pa respekte dwa sa yo pral debouche sou anachi. Se pou sa prensip sa a fèt pou l aplike pou tout peyi, san bliye La Jòji avèk Ikrèn. »
Se deklarasyon prezidan Barack Obama nan yon diskou li fè madi 7 jiyè a devan yon gwoup etidyan ki te reyini nan nouvo fakilte syans ekonomik Moskou a, nan Larisi, kote li tanmen, yè lendi a, yon tounen entènasyonal k ap dire prèske yon semèn. Anvan lidè ameriken an kite kapital ris la madi apremidi, li genyen pou l rankontre avèk dirijan sektè komès ak endistri a, plis kèk militan opozisyon an.
Jdesmara@voanews.com