Accessibility links

Breaking News

Bill Clinton Tanmen Premye Vizit li Ann Ayiti Kòm Anvwaye Espesyal L'ONU


Ansyen prezidan ameriken Bill Clinton tanmen premye vizit li nan peyi d Ayiti lendi 6 jiyè a an kalite de anvwaye espesyal Sekretè-Jeneral L'ONU an, Ban Ki-mon. Msye Clinton te aksepte pòs sa a mwa pase a.

Soti 6 pou rive 8 jiyè, ansyen lidè mond lib la pral chita pale ak responsab nan gouvènman Prezidan René Préval ak Premye Minis Michèle Duvivier Pierre-Louis a, ansanm ak reprezantan divès lòt sektè, pou li ranmase plis enfòmasyon sou sa ki kapab fèt nan peyi karayibeyen sa a ke kriz politik, kriz ekonomik, dezas natirèl, elatriye fin ravaje.

Ansyen Prezidan Clinton kapab vizite Gonayiv madi 7 jiyè a. Site Endepandans la, tankou Ayisyen yo rele vil sa a, te sibi anpil dega ane pase pandan pasaj 4 move tan--siklòn ak tanpèt twopikal. Jiska jounen jodi a, abitan nan Gonayiv di yo poko jwenn tout konkou y'ap tann nan men dirijan yo ak kominote entènasyonal la.

Korespondan nou Clarens Renois ap sou plas pou enfòme oditè Vwadlamerik yo sou deplasman Bill Clinton ann Ayiti. Nan yon ti kozman ak Jn-Pierre Leroy, Clarens bay yon apèsi sou sa k'ap tann ansyen lokatè Mezon Blanch la.

Fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la pou w tande Clarens.

XS
SM
MD
LG