Accessibility links

Breaking News

OEA Lanse Yon Ultimatòm Kont Nouvo Responsab Yo Nan Honduras Pou Retabli prezidan Zelaya


Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) menase pou l sispann Honduras nan gwoup emisferik la si li pa retabli mesye Manuel Zelaya nan pòs li kòm prezidan ---- e sekretè jeneral OEA a, José Miguel Insulza, bay nouvo lidè nouvo dirijan yo yon ultimatòm kap bout jedi 2 jiyè a.

Nasyonzini kap fè presyon tou sou lidè kou deta militè a pran yon vòt "par acclamation " pou yo pa rekonèt nouvo gouvènman Honduras la . Pou òganizasyon mondyal la , mesye Zelaya toujou prezidan peyi a .

Mesye Zelaya ki te pran la pawòl devan Asanble Jeneral Nasyonzini an madi 30 jen an, anonse lap retounen nan peyi l jedi 2 jiyè a pou l ' al fini manda 4 tran l l' an kap bout an janvye. Sepandan, nouvo minis jistis la, Luis Alberto Rubi, fè konnen depi prezidan depoze a debake nan peyi a, y'ap arete l.
Pandansetan, manifestasyon dewoule nan peyi Honduras an favè lame ak nouvo gouvènman an, kote plizyè milye supòtè avèk drapo ble-e-blan te reyini anba lavil Tegucigalpa (kapital la) pou tande diskou prezidan pwovizwa a, Roberto Micheletti, ki deklare e nap site "evenman wikenn pase a dwe sèvi kòm egzanp pou montre ke pyès prezidan pa ka plase tèt li sou tèt lalwa".

Pou koute yon repòtaj sou dosye Honduras la , klike sou ralonj ki anlè adwat paj.

XS
SM
MD
LG