Accessibility links

Breaking News

Pati Politik Ayisyen yo Reyaji ak Mefyans Apre Piblikasyon Rezilta Eleksyon pou Sena a


Pati politik ayisyen yo akeyi rezilta dezyèm tou eleksyon senatoryal pasyèl yo avek anpil mefyans. Responsab Oganizasyon Pèp an Lit (OPL), Edgard Leblanc, di li pral mande Konsèy Elektoral Pwovizwa a eksplikasyon sou plizyè anomali li konstate nan piblikasyon rezilta yo.

Bò kote pa li, Pòtpawòl pati "Fusion des Socio-Démocrates" la, Micha Gaillard, fè konnen pati a pral reyini avek kandida l' yo pou fikse pozisyon n' sou rezilta yo.

N'ap raple ke Platfòm Lespwa ranpòt 5 sou 11 plas Senatè ki te anje nan dezyèm tou eleksyon yo, 21 jen pase a.

Si ou vle koute kòmantè Edgard Leblanc ak Micha Gaillard, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG