Accessibility links

Breaking News

Brezil Ranpòte koup Konfederasyon FIFA a


Foutbòl/ Koup Konferasyon

Brezil monte yon maswife avan li kale revelasyon koup konfederasyon an Etazini 3 a 2 pou l ranpòte pou yon 2 zièm fwa afile trofe a. Etazini pèdu rankont la malgre yo tap men-nen 2 a 0 depi nan premye mitan an gras a gòl Clint Dempsey ak Landon Donovan make. Brezilyen yo, ki pat dekouraje, remonte defisi a gras ak 2 gòl Luis Fabiano make epi Lucio kore viktwa a ak yon gòl nan fen 2 zièm mitan an.

Landon Donovan di seleksyon etwale a desu rezilta final la :" Nou fyè pou efò kolektif nou renmèt la. Nou dwe aprann se pa chak jou nap gen domine yon rankont-men malerezman nou kite chans sa a glise nan menn."

Ameriken yo te oblije repliye pou konsève viktwa a malgre presyon brezilyen yo. Efò yo te bay rezilta dapre defansè ekip la Felipe Melo ki deklare Brezil pat janm pèdu la fwa malgre Etazini tap men-nen 2 a 0.

Sa fè Brezil 3 zièm fwa li ranpòte koup Konfederasyon an (1997, 2005). Kaka resevwa balon dò a kòm meyè jwè tounwa a. Luis Fabiano resevwa balon darjan an ak soulye dò kòm meyè bitè ak yon total 5 gòl. Ameriken Clint Dimpsey resevwa balond bronz la epi Tim Howard non-men meyè gadyen tounwa a.

Espay kale Afrik du Sud 3 a 2 pou l konsole l ak 3 zièm plas la.

Pwochen objektif pou Brezilyen yo se kalifye pou faz final koup du mond kap dewoule ane pwochèn an Afrik du Sud e pwobableman ranpòte trofe a. Etazini bezwen kalifye tou pou faz final la ak espwa pou yo rive pi lwen posib nan faz final koup du mond la. Pwochen rankont ameriken se 12 Out lè yap vizite Meksik an stad Aztèk la.

Ameriken yo ap retounen vinn patisipe nan koup dò KONKAKAF la semen sa a. 4 Juyè Ayiti ap rankontre Onduras epi Etazini fas a la Grenad. Match sa yo ap jwe nan Seattle Washington.

XS
SM
MD
LG