Accessibility links

Breaking News

Lemond Antye Andèy Apre Lanmò Wa Mizik Pòp la Michael Jackson


Anpil sipozisyon ap fèt sou kòz ki pwovoke lanmò sibit Michael Jackson, Wa Mizik Pòp la, jedi 25 jen 2009 nan vil Los Angeles, eta Kalifòni.

Yon ofisyèl nan biwo medsen lejis Los Angeles la fè konnen vandredi 26 yap fè otopsi sou kadav Michael Jackson pou detèmine ki sa k' touye vedèt la.

Asistan direktè biwo a, Doktè Ed Winter, pale ak laprès pou l' di doktè yo pral egzaminen kadav li pou chèche tras medikaman ak dwòg, e fè plizyè lòt tès ke l' pa presize. Daprè misye Winter toujou, sa ka pran ant 6 e 8 semèn pou moun konnen rezilta yo--- rezilta ki kapab reponn anpil kesyon moun ap poze sou lanmò vedèt la.

Pandansetan toupatou, soti isit Ozetazini--spesyalman devan kay Michael Jackson nan Los Angeles--pou rive nan peyi Lafrans e plizyè lòt kote nan lemond, fanatik; dlo nan je ak bouji, flè e ak foto nan men yo, ap temwaye soufrans yo devan video, pankat ak postè Wa Mizik Pòp la. Medya yo, yo menm, pa sispann pase video klip, koregrafi ak mizik atis la.

Anvan lanmò sibit Michael J. Jackson jedi 25 jen an, anpil zye te brake sou vil Londres, ann Angleterre, kote li te gen pou l tanmen, apre plis pase 10 zan absans, yon retou sou sèn mizikal la avèk plizyè dizèn konsè ki te dwe demare nan mwa jiyè kap vini la a.

Nan yon sèl maten, òganizatè konsè yo te deja vann 500 mil tikè pou spektak yo. Fanatik nan apeprè 220 te achte Tikè pou seri konsè sa yo. Seri a, ke li rele " This is It", te sipoze reprezante "jibile" fen karyè Michael Jackson-- yon fason, daprè sa atis la te di li menm, pou l tire "lareverans" bay piblik la ki pa janm sispann sipòte li, menm nan moman pi tris e pi sonm nan karyè li.

Nou envite w klike sou ralonj anwo e adwat paj la pou w koute yon pwogram espesyal sou lanmò Michael Jackson, youn nan pi gwo vedèt Showbiz nan lemond 40 dènye ane yo.


XS
SM
MD
LG