Foutbòl/ Koup Konfederasyon
Brezil ap rankontre Etazini nan final koup konfederasyon an kap dewoule an Afrik du Sud. Brezilyen yo te monte yon maswife avan yo kale Afrik du Sud 1 a 0 gras ak yon gòl ranplasan Daniel Alves make nan fen 2 zièm mitan an. "Antrenè Brezilyen Dunga di li pat espere rankont la tap fasil pou yo." Dunga di foutbolè brezilyen yo konnen Sud Afriken yo ta pral atake yo devan dèyè e ke yo ta pral koule yon beton ame nan defans la pou yo suprann nou ak yon kontra atak. » Dunga eksplike rezon ki eksplike bès nan pèfòmans brezilyen yo se akoz jwè yo fatige apre yo jwe 6 gwo rankont entènasyonal nan yon espas 2 semen sou 2 kontinan.Etazini, ki mete fen nan 35 rankont kote Espay potko janm pèdu, ap rankontre Brezil an final. Nan premye tou a Brezil te kale Etazini 3 a 0 petèt se moman pou ekip tonton Sam nan pran revanch li. Sou yon total 14 rankont ameriken yo bat Brezil 1 fwa sèlman.
FIFA/ IRAN
FIFA voye yon lèt tou louvri bay federasyon foutbòl Iranyen an pou chache repons ak bri kap kouri kòm kwa otorite yo ta puni foutbolè Iranyen kit e mete yon brasa vè an senpati ak manifestasyon kap fèt kont gouvènman an pandan match kalifikatif koup du mond kont Kore du Sud.—Federasyon Iranyen an, ki demanti nouvèl la, di yo pa puni pèson malgre nouvèl yo fè konnen kèk foutbolè demisyone nan seleksyon an.
Ayiti Foutbòl
Ayiti mete tèt pou Kanada kote li pral jwe 2 match amikal avan li ale nan Seattle pou l jwe premye rankont Gold Cup la kont Onduras le 4 Juyè. Grenadye yo gen pou pase isit Washington kote yap rankontre la Grenad avan yo ale Boston pou rankontre Etazini. Grenadye, ki pa favori konpetisyon an, di yo espere renmèt yon bèl pèfòmans pandan dewoulman pi gwo konpetisyon nan KONKAKAF la.
USA BASKETBALL
Tiraj osò pou nouvo venu nan NBA a dewoule yè swa nan New York kote Los Anjeles Clippers seleksyone numewo 1 inivèsite yo Blake Griffin kap jwe nan inivèsite Oklahoma. Clippers yo espere Griffin pral ede ekip la kalifye pou faz final la apre yon 12 zan absans. Memphis Grizzlies seleksyone Hasheem Thabeet ki tap jwe nan Connecticut avan Oklahoma City Thunder seleksyone numewo 3 inivèsitè yo James Harden.
Sakramento Kings seleksyone Tyreke Evans ki tap jwe nan inivèsite Tennessee epi Minnesota Timberwolves seleksyone numewo 5 la adolesan Espayòl Ricky Rubio. Numewo 6 Johnny Flynn ki soti nan inivèsite Syrakuz al jwen Timberwolves.
Golden State Warriors seleksyone Stephen Curry ki soti nan Davidson kòm numewo 7. New York Knicks seleksyone Jordan Hill ki soti nan Arizona. Toronto Raptors seleksyone Demar DeRozan ki soti nan inivèsite Southern California epi Milwaukee Bucks seleksyone Brandon Jennings yon adolesan ki te jwe an Itali sezon pase a.
SHAQUILLE O Neal—Trade
Vedètball basketball ameriken Shaquille O’Neal ap kite Phoenix Suns pou l al jwe nan Cleveland Cavaliers a kote Lebron James dapre yon boukantaj ki fèt ant 2 ekip yo. An echanj Cavaliers yo ap bay Ben Wallace, Sasha Pavlovic, 2 zièm jwè yo seleksyone nan tiraj osò a ak 500 mil dola likid.