Accessibility links

Breaking News

Chantè Michael Jackson, Wa Mizik Pop la, Mouri Arè Di Kè Nan Los Angeles


Plizyè medya Ozetazini--jounal, televizyon ak ajans nouvèl-- anonse lanmò chantè popilè Michael Jackson apre midi a. Nouvèl yo fè konnen yo te kouri "d'urgence" lopital ak vedèt la, ki genyen 50 tan, apre l' te soufri ak sa ki sanble yon arè di kè (konprann kè li rete).

Otorite responsab yo di lè pèsonèl medikal yo te rive lakay misye Jackson nan mitan apre midi jedi 25 jen an, yo te jwenn li pa tap respire. Yo te transpòte l' "prese-prese" nan Sant Medikal UCLA, kote medya yo fè konnen li te nan koma , sètadi, enkonsyan. Jounal The Los Angeles Times site otorite Los Angeles yo ki di Michael Jackson trepase.

Michael Jackson, chantè, dansè, konpozitè, selèb depi l' te yon ti kat-kat nan ane 70 yo--epòk li tap jwe mizik ak frè li yo nan gwoup Jackson 5 (5 Jackson yo). Apre, li te tanmen yon karyè solo ki pèmèt li pwodui plizyè douzèn gwo "hit, grands succès". Michael se premye vedèt ki popilarize clip-video nan karyè mizikal li.

Pandan dènye ane ki pase yo, Michael Jackson tap fè fas ak divès pwoblèm legal. Lajistis te jwenn li non-koupab an 2005 nan pwosè pou akizasyon "abu sou minè" otorite Los Angeles yo te fè kont li.

Kèk tan apre, laprès te rapòte li te genyen anpil pwoblèm lajan. Wa mizik pòp la, tap prepare yon seri "konsè-retou" ki te dwe tanmen nan vil Londres nan mwa jiyè a. Tout tikè pou espektak sa yo, ke yo te mete an vant nan mwa mas la, te vann tankou pate cho--kèk minit sèlman apre yo te mete yo nan "gichè".

XS
SM
MD
LG