Vizyon rete youn nan fakilte ki pi enpòtan nan lavi yon kretyen-vivan. Se sa k' fè chak moun gen responsablite pou l pwoteje 2 grenn zye Bondye ba li yo. E tankou zòt di nan peyi d’Ayiti, "yo pa vann zye nan famasi".
Rechèch ki fèt montre ki jan nan peyi pòv (Ayiti par egzanp) tankou nan peyi rich yo (nou ka site Etazini kòm ekzanp) tretman maladi zye koute anpil lajan paske medikman ak materyèl yo koute 2 zye nan tèt. E si moun nan gwo ekonomi yo ap pleyen, nou pa
bezwen mande pou sila kap viv nan peyi ekonomi rachitik yo.
Tout espesyalis nan zafè lamedsin dakò pou di "prevansyon se pi bon politik medikal ki egziste". E fransè yo di l' byen nan lang pa yo «prévenir vaut mieux que gérir»; konprann: pito ou pran prekosyon olye ou oblije al chèche tretman apre maladi finn antre sou ou.
Pou edike, fòme e konsyantize oditè yo, Sèvis Kreyòl Lavwad'Lamerik la te chwazi 2 maladi zye kòm tèm pwogram «Dyaloge ak Etazini » 24 jen ki sòt pase a. 2 maladi sa yo se: Glokòm (Glaucome) ak Katarat (Cataracte).
Nan pwogram lib tribin sa a, ki pase chak mèkredi sou antèn Lavwad'lamerik ak radyo afilye li yo, te gen 2 espesyalis ayisyen ki maton nan kesyon zye e ki fè anpil eksperyans nan domèn sa a.
2 oftalmològ ki tap reponn kesyon oditè yo ak animatè pwogram nan, Chérubin Dorcil ak Marie-Luce Pierre, se te doktè Frantz Large (prezidan Asosyasyon oftalmològ Ayisyen yo kap fè yon travay-teren ekstraòdinè nan peyi d’Ayiti) ak doktè Fritz Allen, ansyen prezidan Asosyasyon oftalmològ ayisyen, kap travay kounye a pou "Kaiser Permanente", yon konpayi asirans-sante ak sèvis medikal nan Eta Maryland, isit Ozetazini.
Pou w tande edisyon sa a, nap envite w klike sou ralonj ki anwo e adwat paj wèb la.
Redaktè atik sa a se: jbeliz@voanews.com