Accessibility links

Breaking News

Nouvo Strateji Etazini Pou Pakistan ak Afghanistan: Reprezantan Gouvènman Obama a Reponn Kesyon Kongrè a


Reprezantan espesyal Prezidan Barack Obama pou Afghanistan ak Pakistan an, Richard Holbrooke, reponn kesyon plizyè manm Kongrè ameriken an sou strateji gouvènman ameriken an nan 2 peyi sid-azyatik sa yo.

Nan seyans sa a, ki te dewoule mèkredi swa, Anbasadè Holbrooke, fè konnen si pa gen siksè kont militan taliban yo nan Pakistan, kapab pa gen siksè nonplis palòtbò fwontyè a, nan Afghanistan.

Kongrè a ap travay sou yon pwopozisyon-lwa k'ap konsakre omwen 700-milya dola pou ede Pakistan nan sèt lane k'ap vini yo.

Yon lòt kote, Konseye pou Sekirite Nasyonal nan gouvènman Obama a, James Jones, rive nan Islamabad, kapital Pakistan, kote l’ap fè chita-tande jodi a ak dirijan pakistanè yo.

Misye Jones deja pale ak Premye-Minis Yousuf Raza Gilani sou nouvo strateji Washington pral aplike nan rejyon sa a ki chaje ak pwoblèm.

Anvan Msye Jones travèse nan peyi End, li gen pou l’ rankontre Prezidan Asif Ali Zardari.

Fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la pou w koute nouvèl sa a an detay.

XS
SM
MD
LG