Accessibility links

Breaking News

Ayiti Ranpòte 3 Meday Dò nan Jeu Panameriken yo


Judo / Panameriken

Meda m judoka ayisyen yo fini 2 zièm nan chanpyona Panameriken Judo ki sot dewoule nan Sen Domeng an Repiblik Dominikè n. Brezil ak Kiba pat patisipe nan konpetisyon an. Ange Mercie Jean Baptiste 57 kilo, Nadjeda Gena, 78 kilo ak Mathilde Saint Hilaire ranpòte yon meday dò yo chak nan kategori feminen. Kay mesye yo, ki fini 4 trièm, Jonas Cesair 55 kilo ak Kenol Jean 100 kilo ranpote meday darjan apre yo pèdu devan dominiken yo. 4 lòt judoka ayisyen, Cherline Vilcin 44 kilo, Faranah Senatus ak Gerdine Mathieu, 48 kilo epi Fernande Biclaire 70 kilo konsole yo ak yon meday de bronz yo chak—dapre yon nòt de près ki soti nan Federasyon Judo ayisyen an.

Ayiti gen pou l patisipe nan chanpyona du mond seniò ki gen pou dewoule an Oland 24 Out epi je Francophonie le 27 Septanb. Ayiti pral patisipe nan chanpyona Juvenil ki gen pou dewoule an Repiblik Dominikè n.

Foutbòl / Ayiti

Seleksyon foutbòl Ayiti a fè match nul ak Martinik Madi 23 Jen an nan kad yon match amikal chofe jarèt an preparasyon ak Koup dò KONKAKAF la kap dewoule isit Ozetazini. Nan menm jounen Madi a lig foutbòl Ayiti renmèt klub Tanpèt de Sen Mak trofe li ranpòte pou yon 3 zièm fwa tit chanpyon seri ouvètu sezon 2009 la.

Foutbòl / Koup Konfederasyon

Nan football, seleksyon foutbòl Ameriken an, kap rankontre Espay mèkredi a nan semi final koup konfederasyon an, defye tout pwonostik pou l rive nan faz sa a. Plizyè faktè te jwe an favè ekip tonton Sam nan ki pat gen oken espwa apre li te pèdi 2 premye rankont yo. Dabò viktwa 3 a 0 Etazini ranpòte devan Ejipt epi defèt 3 a 0 Itali sibi devan Brezil ede ameriken yo gras ak gòl diferans. Itali, Ejipt ak Etazini yo tout fini a 3 pwen nan group B a dèyè Brezil ki fini nan tèt group la ak 9 pwen.

Règleman yo prevwa gòl diferans—Itali ak Etazini gen yon gòl diferans mwens 2 e Ejipt mwens 3. Pwochen etap la se kantite gòl make-Etazini make 4 gòl pandan Itali make 3.

FIFA / Koup Konfederasyon

FIFA fè konnen li ofri 70 mil tikè gratis ti cheri pou pèmèt kèk fanatik asiste premye tou koup konfederasyon an. FIFA anonse lap ofri kèk tikè pou fanatik yo asiste semi final ant Etazini ak Espay la. FIFA di pa bay garanti yap ofri tikè gratis bay fanatik yo pou semi final ant Brezil ak Afrik du Sud kap jwe Jedi 25 Jen.

FIFA estime kantite mwayè n moun ki asiste rankont la se 34,783-yon chif FIFA di li satifsfè. FIFA anonse rezilta 48 tès dopaj yo fè juska prezan pandan konpetisyon an negatif. FIFA seleksyone 2 jwè pa ekip apre chak rankont.

Barack Obama / Koup du Mond 2010

Prezidan ameriken an Barack Obama aksepte envitasyon pou l al asiste match koup du mond FIFA / Afrik du Sud 2010 la dapre anons prezidan Sepp Blatter fè bay jounalis yo. Nouvèl yo pa di si chèf leta ameriken an ap asiste match douvètu a ou byen final la.

Prezidan Obama figire pami pèsonaj ameriken kap fè demach pou Etazini ta akeyi koup du mond la swa an 2018 ou an 2022.

FIFA anonse lap rann omaj pou defen mitan teren Kamerounè Marc Vivien Foe pandan final koup konfederasyon an Dimanch 28 Jen. Foe te te pèdu konesans pandan semi final rankont ant Kameroun ak Kolonbi nan Stad Gerland la nan vil Lyon. Marc Vivien-Foe te mouri malgre efò doktè te fè. Selon doktè yo mitan teren Kamerounè a te mouri ak yon kriz kadyak.

Foutbòl/ Superliga

Chanpyon sòtan Super Liga a(yon mini chanpyona ant 4 meyè klub Meksiken ak ameriken) New England Revolution kale klub Meksiken Santos Laguna 4 a 2. Nan lòt rankont Kansas City Wizards fè match nul 0 a 0 ak klub Meksiken FC Atlas. Chikago Fire ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan Chivas USA. San Luis kale Tigres 3 a 1. Semi final la fikse pou 15 Juyè epi final la pou 5 Out.

Foutbòl / Arjantin

An Arjantin fanatik klub Gimnasia La Plata chache tout mwayen pou evite klub la desann nan 2 zièm divizyon. Fanatik yo al priye sou tonb yon seri de ansyen lidè peyi a pou mande yo asistans. Pami tonb fanatik yo al priye nou jwen Juan Domingo Peron, Raul Alfonsin ak ansyen prezidan klub la Saturnino Perdriel. An plis de la priyè fanatik yo depoze flè sou tonb yo ansanm ak lòt kado ak espwa defen yo ape vite klub la desann nan 2 zièm divizyon. Gimnasia La Plata kapab desann nan 2 zièm divizyon si’l pèdu weekend sa a fas a Gimnasia Jujuy-yon klub ki déjà desann nan 2 zièm divizyon. Viktwa a, pa yon garanti non plis, lap sèlman pèmèt klub la kalifye pou jwe yon match de baraj.

Foutbòl/ Azi

Chanpyon sòtan Lig Azyatik la klub Japonè Gamba Osaka elimine nan 8 tièm de final tounwa a apre yo tonbe 3 a 2 devan klub Kawasaki Frontale. Klub Koreyen Pohang Steelers ak FC Seoul kalifye pou kar de final tounwa a. Pohang pilon-nen klub Ostralyen Newcastle Jets 6 a 0 pandan FC Sewoul kale sou penalite klub Japonè Kashima Antlers 5 a 4 apre tan reglemantè a te fini 2 a 2. Yon lòt klub Japonè Nagoya Grampus ranpòte yon viktwa 2 a 1 fas a klub Sud Koreyen Suwon Bluewings pou l kalifye nan kar de final la.

Tennis / Wimbledon

Jwè Tenis Rus Nadia Petrova ranpòte la viktwa sou Izrayelyen Shahar Peer sou yon skò 6-3, 6-2 pou l kalifye nan 3 zièm tou tounwa Tenis Wimbledon nan. Lòt kalifye pou 3 zièm tou a se Slovak Dominika Cibulkova, Japonè Ai sugiyama ak Daniela Hantuchova.

Jwè ki kalifye pou 2 zièm tou a apre rankont ki jwe Madi 23 Jen an se Rus Dinara Safina ak chanpyon an tit tounwa Tenis Wimbledon nan ameriken Venus Williams ranpòte match douvètu yo. Amerikèn Serena Williams kale Pòtugè Neuza Silva sou skò 6-1, 7-5 pandan ke Rus Elena Dementieva elimine konpatriòt li Alla Kudryavtseva 6-4, 6-1 pou l pase nan 2 zièm tou a.

Nan Tenis maskulen, Britanik Andy Murray jwenn anpil difikilte avan li kale ameriken Robert Kendrick 7-5, 6-7,6-3, 6-4. Ekosè a ap chache tounen premye Britanik ki ka ranpòte tounwa tenis Wimbledon nan depi 36 zan. Roger Federer byen demare tounwa tenis la tou nan moman lap chache yon 15 zièm tit Gran Shelem. Numero 2 mondyal la pase sou Taiwanè Lu Yen-hsun 7-5, 6-3, 6-2 pou l pase nan 2 zyèm tou a. Espayòl Fernando Verdasco wouze ak kout rakèt britanik James Ward 6-1, 6-3, 6-4.

Natasyon

Najè ameriken Michael Phelps ranpòte konpetisyon nasyon 100 mèt naj lib Koup Kanada a ki tap dewoule nan Montreal.

Tounwa sa a se dènye konpetisyon chofe ponyèt Michael Phelps ap patisipe avan chanpyona nasyonal natasyon ameriken an soti 7 pou rive 11 Juyè. Venkè konpetisyon an ap reprezante Etazini nan chanpyona du mond natasyon kap dewoule nan vil Wòm an Itali soti 17 Juyè pou fini 2 Out.

Etazini ak Ostrali, 2 supè pwisans nan natasyon, eksprime desepsyon yo apre Federasyon Natasyon Entènasyonal la aprouve plis pase 100 nouvo modèl vèsyon korije kostum pou najè kap patisipe nan konpetisyon nasyononal e entènasyonal. Desizyon an pran yon mwa avan dewoulman pwochen chanpyon du mond natasyon ki gen pou dewoule nan vil Wòm an Itali. Etazini fè konnen lap kontinye mande pou gen plis retriksyon sou teknoloji ki sèvi nan preparasyon kostum pou natasyon. Ostrali konsidere desizyon kòm yon pa an aryè.

Desizyon Federasyon Natasyon an pran an vle di gen plis pase 300 modèl kostum natasyon ki disponib pou najè yo sèvi pandan yon konpetisyon entènasyonal e lokal.

Jimnastik / La Chin

Federasyon Jimnas entènasyonal la anonse ouvètu yon ankèt sou 2 jimnaz chinwa ki pat gen laj nesesè pou patisipe nan je zolenpik Sidne 2000 yo. Federasyon an di li fòme yon komite discipline pou ankete sou laj jimnaz chinwa Dong Fangxiao ak Yang Yun. Komisyon an gen juska fen Septanb pou l renmèt yon rapò bay komite ekzektif.

Siklisme/ Tour de Frans

Numewo 1 siklis mondyal la espayòl Alejandro Valverde pap patisipe nan kous bisiklèt Tour de Frans la mwa pwochen akoz yon entèdiksyon pou dopaj 2 zan lap fè fas an Itali. Tour de Frans la, kap kòmanse 4 Juyè nan vil Monako, ap travèse Itali 21 Juyè. Valverde men-nen dosye a devan Tribinal Arbitraj Spòtif la men rezilta a pap gen tan disponib avan debu kous bisiklèt Tour de Frans la kap dure 3 semèn.

XS
SM
MD
LG