Accessibility links

Breaking News

Yon Delegasyon Kongrè Ameriken an Ap Vizite Ayiti


Yon delegasyon Kongrè ameriken an pran avyon jodi lendi a pou l'al nan peyi d Ayiti, kote li pral fè chita-tande ak Prezidan René Préval e lòt responsab, nan kad jefò kominote entènasyonal la ap deplwaye pou ede Ayiti rekanpe sou 2 pye l, apre dega kat move tan te koze ane pase nan peyi a, sitou nan Latibonit.

Nan delegasyon sa a, nou jwenn Depite Kendrick Meek, Mario ak Lincoln Diaz-Balart, Ileana Ros-Lehtinen ak lòt ankò.

Pandansetan, nan lòt nouvèl ki soti Ayiti nan mitan jounen lendi a, Pwof. Victor Benoit, ki se dirijan pati Fusion, demanti pawòl ki fè konprann li reklame anilasyon eleksyon pou Senatè ki dewoule dimanch 21 jen an. Mèt Ben di li senpman revolte kont lanmò yon militan pati a nan Grand-Ans.

Ou ka koute dosye Ayiti a an detay si ou fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG