Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Pare pou l Defann Tèritwa l nan ka Kore-di-Nò ta Atake l ak Misil


Lame amerikèn fè konnen li ranfòse sistèm defans anti-misil li enstale sou Il Hawayi yo, aprè nouvèl te parèt pou di Kore-di-Nò byen kapab lanse yon misil nan direksyon il sa-yo ki nan Oseyan Pasifik la. Minis defans ameriken an, Robert Gates, deklare Lèzetazini pran tout dispozisyon ki nesesè pou l defann tètitwa li. Minis Gates di -nap site:

“Nou genyen kèk preokipasyon devan posiblite pou Nò-koreyen yo ta lanse yon misil nan direksyon Awayi. Mwen pase lòd pou yo deplwaye misil-defans an "haute altitude" nan Awayi e pou yo enstale rada SBX ozalantou il yo pou pote apui, si sa nesesè. San m pa bay detay sou sa nou pral fè, mwen ka di tou senpleman nou byen plase, nou byen prepare pou n pwoteje tèritwa ameriken an, si sa nesesè."

Sitiyasyon an prezante konsa kèk semèn sèlman aprè Kore-di-Nò te lanse yon misil long-pòte (9 avril 2009 la) ki te pase sou tèritwa japonè a e tout suit aprè li fè tès yon fize nikleyè. Depi lè sa a, otorite ameriken yo fè rankont ak lidè divès peyi pou yo bay yon repons inifye si jamè Kore-di-Nò ta lanse yon lòt misil long-pòte oubyen si l ta fè yon lòt tès nikleyè.

Jdesmara@VOANEWS.com

XS
SM
MD
LG