Accessibility links

Breaking News

Yon Moun Mouri Jedi Anba Bal Devan Katedral Pòtoprens la


Yon moun mouri pa bal jedi 18 jen an nan zòn katedral Potoprens la, nan moman yon patwouy brezilyen ki fè pati misyon pou stablizasyon Ayiti a (MINUSTAH) ta tire pou kwape yon foul ki tap pwoteste kont vyolans militè yo tap ekzèse sou yon endividi yo te vinn arete.

Jounalis Jorel Labadie, (Radyo Ginen, yon estasyon afilye Lavwadlamerik nan peyi Dayiti) di sòlda brezilyen yo te koumanse pa tire anlè epi apre yo te tire "à hauteur d'homme" lè yo wè foul la te sòti pou "aji avèk yo".

Sepandan, pòtpawòl Minustah Sophie Boutaud De Lacombe deklare li pa kapab konfime si se sòlda Minustah ki responsab lanmò viktim nan.

Se 2 zyèm ensidan nan mwenske 2 jou kote yo lonje dwèt ankò sou twoup Misyon Nasyonzini. Mèkredi, yon jounalis blese apre twoup mentyen lapè yo te tire bal an kawotchou kont yon gwoup manifestan ki te fin dife yon veyikil Kask Ble l'Onu yo.

Jounalis Ernst Cadichon, tap kouvri evènman yonan nivo Fakilte Medsin, nan Rue Oswald Durand. Li pran yon bal nan men. Koute l' ap eksplike ensidan an nan mikwo Jean-Pierre Leroy.


XS
SM
MD
LG