Accessibility links

Breaking News

Operasyon Anti-Dwòg Polis Nasyonal/Minustah


Pòtpawòl Polis Nasyonal Ayisyèn nan, Frantz Lerebours, kominike enfòmasyon sa a mèkredi 17 jen an. Misye Lerebours presize, nan yon premye tan, ke ajan polis yo sezi semèn pase yon kamyon ki tap transpòte 115 kilo marijuana (li pa di ki jou) nan rejyon Kafou-Difò (anviwon 30 kilomèt) o sidwès, kapital la, Pòtoprens.

Yon lòt pa, li endike kontejan urugueyen nan Fòs Minustah yo (Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti) konfiske 470 kilo marijàn abò yon bato. La a ankò, misye Lerebours pa presize non batiman an ni ki jou operasyon sa a te dewoule. Toutfwa, li di twoup Minustah yo arete 3 jamayiken ak yon fanm ayisyèn.

Klike sou ralonj ki anwo, adwat paj atik sa a, pou n' koute repòtaj Clarens Renois a.

XS
SM
MD
LG