Men pwofesè dwa entènasyonal, Jean-Robert Simonise, li menm, mande gouvènman ayisyen an presize wòl mesye Clinton nan peyi Dayiti e eksplike sikonstans l'Onu nonmen li kòm anvwaye espesyal nan peyi a kote sekretè jeneral la, Ban Ki-moon, deja genyen yon reprezantan. Mesye Simonise presize nan mikwo Jean-Pierre Leroy nan ki sikonstans L'ONU ka voye yon anvwaye spesyal nan yon peyi.
Antretan, Palman ayisyen an, fè konnen li pral konvoke nan jou kap vini yo premye minis Michele Duvivier Pierre-Louis, pou plis eklèsisman sou dosye Bill Clinton nan.
Pou fini Lapolis entèvni ankò madi ak kout bonbòn gaz lakrimojèn nan zòn Champ-de-mars-- plas santral ki nan kè kapital la, Pòtoprens--pou kwape yon gwoup manifestan ki tap kase vit machin ak kout wòch.
Nou ka koute detay nouvèl sa yo sou ralonj ki anwo, adwat, paj wèb la.