Accessibility links

Breaking News

Bill Clinton: Ofisyèlman Anvwaye Nasyonzini Ann Ayiti


Ansyen prezidan Etazini Bill Clinton tounen ofisyèlman anvwaye espeyal Nasyonzini pou Ayiti. Pandan li tap anonse nominasyon ansyen lidè ameriken an nan pòs la, sekretè-jeneral l'Onu Ban Ki-moon di ayisyen yo bezwen travay ak aksè nan sèvis de baz yo. Anplis de sa, chèf òganizasyon mondyal la fè moun sonje konferans bayè de fon pou Ayiti ki te dewoule isit Washington nan, sa pa gen lontan, kote gouvènman plizyè peyi sou planèt la te pran angajman pou dekese plis pase 350 milyon dola asistans pou nasyon karibeyen an.

Misye Ban di: defi a kounye a, se transfòme pwomès èd sa yo an kontribisyon. Se poutèt sa mwen mande prezidan Clinton pou’l travay kòm anvwaye espesyal Nasyonzini pou Ayiti, dekwa pou peyi a ka rekanpe sou 2 pye’l rapidman.

Bò kote pa’l, ansyen prezidan Bill Clinton deklare: premye bagay li pral fè se suiv plan Ayiti prepare sou fason pou’l reprann li e asire avni li.

"Dezyèmman, nou vle asire nou ke sa nou pral fè an Ayiti a pral sanble ak sa Nasyonzini tap eseye fè lè mwen te travay nan rejyon Tsunami an te frappe yo, yon fason pou bati kay ki konstwi pi byen, pou’n kite bagay ki pi bon pase sa k' te la anvan dezass naturèl la. Mwen pral pran responsablite pou travay sa a devan sekretè-jeneral la, devan l'Onu, devan pèp ayisyen an e devan lidè gouvènmantal nasyon karibeyen an."

Pou fini, ansyen prezidan Bill Clinton rejte pawòl ki parèt nan près ayisyèn nan kòmkwa travay lap vinn fè a chita sou yon konplo enperyalis pou fè dap-piyanp sou Ayiti. Misye Clinton pale klè pou’l di : tout sa li swete fè vrèman, se ede Ayti rekanpe sou 2 pye’l.

XS
SM
MD
LG