Accessibility links

Breaking News

Lidè Siprèm Iran an Pownonse l Sou Kontestasyon Eleksyon 12 Jen an


Televizyon leta iranyen rapòte ke lidè siprèm peyi Iran an, Ayatollah Ali Khamenei, mande kandida ki fini dezyèm nan eleksyon prezidansyèl vandredi a--Mir Hossein Mousavi--pou li pouswiv kontestasyon li a nan tribinal.

Nouvèl sa a soti apre 2 jou manifestasyon, pafwa vyolan, nan kapital Iran an, vil Teheran, apre otorite yo te anonse ke Prezidan Mahmoud Ahmadinejad ranpòte yon viktwa lavalas. Otorite iranyen yo arete plis pase 100 moun ki konekte ak pati opozisyon yo.

Pandan fen senmenn nan, yo mete baboukèt sou sèvis Entènèt, yo bwouye siyal emetè etranje (BBC pa egzanp) e yo koupe sèvis telefòm mobil (men yo retabli dènye kategori sèvis sa a maten an).

Gouvènman ameriken an reyaji ak pridans jiskaprezan. Washington adopte yon atitid rete-gade-pou-wè, annatandan sitiyasyon an fin eklèsi nan Teheran kote otorite yo soti an fòs pou anpeche foul patizan Mousavi ak pati chanjman yo an jeneral okipe beton an. Vis-Prezidan Joe Biden deklare pwoblèm politik nan teheran pap fè administrasyon Obama a kanpe sou efò l'ap fè pou tanmen yon dyalòg ak Iran.

Fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la, pou w koute dosye sa a an detay.

XS
SM
MD
LG