Accessibility links

Breaking News

Iran: Kandida Opozisyon Mir Hossein Moussavi Mande Konsèy Gadyen Konstitisyon an Anile Rezilta Eleksyon an


Nouvo akwochay dewoule dimanch 14 jen an ant manifestan kap apiye kandida alaprezidans "malheureux" nan eleksyon iranyèn yo, Mir Hossein Moussavi, ak lapolis nan vil Téhéran. Prezidan reeli a tou, Mahmoud Ahmadinejad, te nan kapital iranyèn nan kote li deklare eleksyon vandredi a se "yon imilyasyon" pou sila kap oprime moun nan lemond yo.

Misye Ahmadinejad dimanch defann lejitimite reeleksyon li a devan yon foul patizan byen chofe ki te reyini nan sant vil Téhéran, tandiske rival li Hossein Moussavi reklame anilasyon rezilta yo pou iregilarite. M. Ahmadinejad di "eleksyon Iran yo se eleksyon pi pwòp" ki dewoule nan lemond, e l' sèmante "vòt vandredi a pat gen koken".
Prensipal rival li a, M. Moussavi, ki rekòlte ofisyèlman 34 pousan vwa yo (e 63% pou M. Ahmadinejad) mande Konsèy Gadyen Konstitisyon an anile rezilta yo.

Bò kote pa li, kandida refòmatè Mehdi Karoubi, ki pèdi lèd nan skriten an, di "li pa rekonèt mesye Ahmadinejad kòm prezidan peyi a".

Prezidan reeli a, akize kandida rival yo deske yo "nan konfyolo ak peyi etranje e ke medya etranje yo ap mennen yon lagè sikolojik kont gouvènman li an".

Chans pou Konsèy Gadyen Konstitisyon an anile rezilta yo zuit anpil, paske se gid siprèm iranyen an Ayatollah Ali Khamenei, ki nonmen yo direkteman e endirekteman. Samdi misye Khamenei te feliste misye Ahmadinejad pou reeleksyon li.

Dimanch te genyen afwontman ankò ant patizan M. Moussavi yo ak lapolis, men lese-frape yo te mwen vyolan ke sa samdi yo.

Lapolis fè konnen li arete 170 moun samedi, pami yo, genyen pou pi piti 70 "òganizatè".

Nan yon Konferans pou laprès li bay dimanch, M. Ahmadinejad konpare moun kap manifeste kont rezilta vòt la ansanm ak M. Moussavi, ak yon bann fanatik foutbòl ki pa kontan deske "ekip yo pèdi".
M. Moussavi mande patizan l' yo kontinye manifeste pasifikman opozisyon yo kont rezilta yo.
Samdi li te denonse "ak tout fòs iregilarite klè e tribòbabò li di ki te genyen nan eleksyon an, e l' avèti kalte aksyon sa a kapab debouche sou enstalasyon tirani nan Iran".

Vis-prezidan ameriken Joe Biden, ki tap reyaji sou rezilta eleksyon nan Iran an, panse "jan responsab yo ap reprime libète ekspresyon, jan ya p' reprime foul la, fason yo trete sitwayen yo, gen bon jan rezon pou moun doute" lejitimite reeleksyon prezidan Ahmadinejad ki deklare rezilta yo se yon "imilyasyon" pou tout moun kap "oprime" moun nan lemond yo--konprann, nan jagon lidè iranyen an, peyi oksidantal yo.

Li reyafime dosye nikleyè iranyan an, ki se yon pòm diskòd ak Lèzetazini e ak kèk lòt peyi, se "patisip pase" kounye a.

XS
SM
MD
LG