Accessibility links

Breaking News

Eleksyon nan Peyi Iran: Kous Sere ant Prezidan Sòtan an, Mahmoud Ahmadinejad, ak Refòmis Mir Hossein Moussavi.


Eleksyon nan Iran

Nan Iran, elektè yo mete yo sou ran byen bonè jodi vandredi 12 jen an pou y al vote nan yon eleksyon prezidansyèl kote kous la trè sere ant prezidan sòtan an, konsèvatè Mahmoud Ahmadinejad, ak kandida refòmatè e ansyen Premye Minis Mir
Hossein Moussavi. Biwodvòt yo pral rete ouvè pandan 10 zèdtan (swa jiska 6 sè di swa, lè lokal); men otorite elektoral yo di yo byen kapab ajoute kèk èdtan sou lè-limit la pou fasilite votan ki ka poko fin vote nan moman previzyon di se yon kantite rekò moun ki pral jete bilten sou yon afè de 40 milyon iranyen ki gen dwa vote. Prezidan Ahmadinejad vote byen bonè e misye pwomèt peyi a yon avni briyan e ki chaje ak pwogrè.

Kiyès misye Amadinejad ye?

Prezidan konsèvatè iranyen an, ki genyen 52 zan, ap chache yon 2èm. manda sou pouvwa a nan eleksyon kap dewoule Jodi vandredi a. Li genyen kèk gwo defi pou l leve avèk refòmatè ki an fas li yo. Misye Ahmadinejad rive bati yon bon baz popilè, sitou pami iranyen pòv yo, avèk yon seri de vwayaj li fè tou patou atravè peyi a. Li genyen apui tou bò kote Gad Revolysonè Iranyèn nan, sitou bò kote banch ki jèn nan kò militè delit sa a ki rele Milis Bazij la. Misye Ahmadinejad rive genyen bon jan notoryete nan peyi oksidantal yo, aprè li te deklare piblikman li konsidere Olokòs Jwif yo kom yon mit, e li te fè prediksyon pou l di Izrayèl genyen pou l disparèt.


Kilès Mir Hossein Moussavi ye?

Mir Hossein Moussavi se prensipal kandida opozisyon an devan Mahmoud Ahmadinejad nan eleksyon jodiya. Se yon ansyen Premye Minis. Lè li te lanse kanpay li a, sete yon nèg anpil sektè nan sosyete iranyèn nan pat tèlman byen konnen; men, nan 2 mwa ki pase yo misye rive bati yon baz popilè ki trè fò. Anpil iranyen twò jèn pou yo sonje pasaj misye Mossavi nan Primati a nan Teheran, nan kòmansman Revolusyon Islamik la nan ane 80 yo; paske pandan lontan li te rete lwen sèn politik la. Men, fason misye Moussavi te byen jere ekonomi an pandan lagè Iran-Irak la, se yon faktè pozitfi pou li nan eleksyon sa a. Misye te baze kanpay li a sou refòm sosyal e politik nan Iran, kote li santre atansyon n sitou sou kesyon ki enpòtan pou fanm yo ak jèn yo.


XS
SM
MD
LG