Accessibility links

Breaking News

Afwontman Ant Patizan Lespwa Ak Patizan OPL Nan Cayes-Jacmel


Mwenske 2 semèn anvan dewoulman dezyèm tou eleksyon senatoryal pasyèl yo ann Ayiti, tansyon an monte jedi nan komin Cayes-Jacmel, rejyon sidès la, ant patizan pati sou pouvwa a (Lespwa) ak pati Òganizasyon Pèp kap Lite (OPL).

Yon temwen ki tap pale nan non OPL akize patizan Lespwa deske yo tire e touye yon manm gwoupman politik la ki swadizan te vin poze postè kandida OPL e dechire afich kandida Lespwa nan kanton an--akizasyon yon reprezantan Lespwa demanti. Korespondan Sèvis Kreyòl Lavwad'lamerik Eveline Adonis di, apa moun ki mouri a, akwochay la fè tou plizyè blese.

Nou ka koute repòtaj Adonis la sou ralonj ki anwo, adwat atik sa a.

XS
SM
MD
LG