Accessibility links

Breaking News

OMS: Deklare Grip A/H1N1 an Yon Pandemi


Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) deklare virus A/H1N1 grip pòsin nan yon pandemi, nan moman virus la kontinye ap enfekte plis moun atravè lemond.

Direktris jeneral OMS la, Margaret Chan, fè konnen li deklare grip pòsin nan yon "pandemi" jedi 11 jen an aprè yon rankont ak ekspè yo nan vil Genève, an Suis.

Responsab yo fè konnen yon pandemi pa vle di grip pòsin nan vinn pi sevè. Sepandan, li vle di gen yon ogmantasyon nan kantite ka enfeksyon yo anrejistre nan diferan rejyon. Magaret Chan di yo rapòte prèske 30 mil ka enfeksyon ak viris grip pòsin nan nan 74 peyi.

OMS renouvle konsèy li bay peyi yo pou yo pa fèmen fwontyè yo, ni pou yo pa enpoze restriksyon sou vwayaj, men li rekòmande yo rete veyatif.

Sekretè jeneral L'ONU an, Ban Ki-moon fè menm kòmantè a, sepandan li ajoute lemond dwe rete vijilan, paske pèsonn pa konnen kisa k' pral pase nan mwa kap vini yo.

Yon pandemi, se yon sitiyasyon kote yon maladi ap pwopaje nan diferan pati mond la. Responsab OMS yo deklare grip A-H1N1 an (grip pòsin) yon pandemi, nan moman kantite ka enfeksyon yo ap ogmante e touche lòt kontinan. Daprè OMS, 144 kretyen vivan pèdi lavi yo anba maladi a. Pami viktim yo, genyen 100 nan peyi Meksik.

Yon pandemi rive, lè yon nouvo souch virus la enfekte moun ki pa gen iminite kont maladi a, e lè nouvo souch la pwopaje fasilman ant kretyen vivan. Kèk sous medikal ameriken fè konnen youn nan defi ki poze lè w'ap fè fas ak yon pandemi, se mete opwen e distribye medikaman ak vaksen.

Yon pandemi kapab genyen tou konsekans ekonomik si otorite yo deside enpoze restriksyon sou vwayaj e si yo deside fèmen kèk biznis.


XS
SM
MD
LG