Accessibility links

Breaking News

Eleksyon yo: Yon Viktwa Pou Demokrasi Nan Liban


Prezidan Barak Obama felisite peyi Liban pou reyalizayson eleksyon lejislatif 7 jen yo ki pase nan lapè. Mesye Obama deklare "yon lòt fwa ankò, pèp libanè a demontre lemond kouraj ak fòs angajman li pou demokrasi".

Pèp libanè a ki t’al vote an foul chwazi manm "Koalisyon 14 mas la” ki gen nan tèt li lidè majorite nan palman an, Saad Al-Hariri, pou okipe 71 sou 128 syièj ki gen nan asanble lejislatif la.

Gwoup opozisyon 8 mas la, ki aliyen l’ sou Hezbollah, ranpòte 57 syièj. Kontrèman ak sondaj avan eleksyon an--ki te predi yon kous sere ant 2 gwoup yo--rezilta yo bay Koalisyon 14 mas la yon majorite san diskisyon nan palman libanè a.

Nan deklarasyon li fè pou l’ felisite Liban pou vòt la, prezidan Obama di “gouvènman pèp la, ki sòt nan pèp la gen yon prensip inik pou tout moun ki sou pouvwa a: se atravè konsantman ou konsève pouvwa e non pa lafòs... Ou dwe respekte dwa minorite yo e dirije nan tolerans e atravè konpwomi; ou fèt pou plase enterè pèp la ak bon fonksyonman pwosesis politik la avan enterè pati politik ou. Angajman vizavi aplikasyon prensip lapè ak moderasyon se meyè mwayen pou asire yon Liban souvren e kap pwospere.”

Eleksyon yo bout, pwosesis fòmasyon yon nouvo gouvènman kòmanse kounye a nan Liban. Prezidan Obama deklare:“nou pral kontinye apiye yon Liban souvren e endepandan ki anfavè lapè e anfavè aplikasyon total tout rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini yo.”

L'ONU te adopte yon seri rezolisyon ki mande dezameman tout milis libanè-yo (pami yo Hezbollah), ekstansyon kontwòl gouvènman libanè a sou tout teritwa peyi a e yon fen nan entèferans entranjè nan Liban.

Prezidan Obama di: “nou espere ak tout kè nou pwochen gouvènman an pral kontinye avanse nan direksyon etablisman yon Liban endepandan, stab ki gran moun tèt li.”


XS
SM
MD
LG