Pami pwen k'ap domine aktyalite a nan peyi d Ayiti:
Direktè Egzekitif RNDDH [Rezo Nasyonal pou Defann Dwa Ayisyen yo], Pierre Espérance, mande liberasyon 16 etidyan ki nan prizon an koneksyon ak zak vyolans ki te fèt pandan manifestasyon anfavè salè minimum nan. Gen plis pase 2 semèn depi etidyan yo ap pwoteste pou fòse gouvènman an adopte lwa sou salè minimum nan e lapolis deja mete yon bon valè anba akòd. Renan Toussaint gen detay sou dosye sa a.
Nan vil Okay, korespondan nou Jn-Hernst Eliscar di nou otorite yo ap kontinye yon kanpay motivasyon pou ede gouvènman lokal yo pi byen prepare pou yo fè fas ak siklòn e lòt dezas natirèl.
Fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la, pou w ka koute repòtaj sa yo.