Accessibility links

Breaking News

Fiziyad Nan Mize Olokos la nan Washington, DC : 1 Gad Sekirite Pèdi Lavi li


Prezidan Barack Obama deklare "zak sa a ba li yon gwo chòk e ke se yon zak "malpouwont" ki fè nou sonje ke nou dwe rete veyatif anfas prejije anti-juif e anfas tout fòm prejije. Pa genyen Ozetazini enstitisyon ki gen anplis enpòtans nan sans sa a pase mize Olokos la e okenn zak vyolans pa pral diminye detèminasyon nou pou n' onore memwa sila ki disparèt yo, pandan nap bati yon mond pi pasifik e ki pi toleran".

Ann Izrayèl, minis enfòmasyon an, ki se minis dyaspora a tou, Yuli Edelstein, di fiziyad la "se yon prèv an plis ki montre santiman anti-juif ak refi pou aksepte Olokos la ekziste toujou nan lemond".

Konsèy amerikano-islamik la, yon òganizasyon mizilman ameriken enpòtan, deklare li "kondane atak la e ke l' kanpe ak kominote juif la e ak ameriken tout relijyon pou yo rejete zak rayisab ak zak entolerans ki pouse moun poze aksyon sa a e ki bay kè sote.

Sekirite ki mouri a rele Stephen T. Johns. Li gen 39 van e l' tap travay depi 6 zan nan mize a. Eleman ki komèt aksyon an, sanble se yon militan ki kwè nan "siperyote" ras blanch sou lòt ras yo. Aktyèlman lap resevwa swen lopital e li nan yon eta grav, dapre majistra kominal Washington, DC a, Adrian Fenty.

Dapre chèf polis vil Washington nan, Kathy Lanier, misye sanble komèt zak sa a pou kont li, san konplis. Yon polisye ki pat vle laprès idantifye li di lapolis jwenn sou sispèk la yon lis non plizyè palmantè ameriken. Asayan an se yon ansyen manm lamarin amerikèn ke l' te kite an 1956.

An jeneral, toujou genyen anpil sekirite nan mize a, kote nou jwenn gad ni andedan ni devan lokal la. Tout vizitè oblije pase anba yon aparèy pou detekte metal, epi ajan sekirite yo toujou fouye valiz ak sak-a-men moun kap antre nan bilding nan. Men nan yon konferans pou laprès chèf polis Kathy Lanier di eleman an, ki rele James Von Brunn (88 an), te tonbe tire depi l ' antre nan lokal mize a e ke misye se manm yon mouvman kap preche "siperyorite" ras blanch la. Li menm genyen yon sit rasis sou entènèt la kote lap preche rayisab kont juif.

Von Brunn te pran yon tou prizon 6 zan an 1983 apre li te eseye kidnape manm konsèy administrasyon Bank Santral Amerikèn nan. 2 zan anvan sa, lapolis te arete li avèk yon revolvè e ak yon kouto. Rezon ki fè Von Brunn te vle kidnape moun sa yo, se akòz to enterè bank la fikse pou konsomatè yo te swadizan twò wo e akòz difikilte ekonomik Lèzetazini tap travèse nan epòk la, selon lapolis.

Nan atik moun kwè Von Brunn poste sou entènèt la li di "koze olokos la se yon gwo fab ke l' mete sou do yon konplotay juif pou detwi "patrimwàn jenetik blan an". Li di "mit olokos la te tounen reyalite nan Auschwitz, e l'Almay---mèvèy kiltirèl mond oksidantal la, tounen yon san fanmi, yon san zanmi nan lemond".

Mize Olokos la, ki pa lwen Mezon Blanch la, (palè prezidans amerikèn nan) te louvri pòt li an 1993. Li se yon sant touris frekante anpil: apeprè 30 milyon moun deja vizite li depi inogirasyon li. E chak ane, li resevwa 1 milyon 700 mil touris.

XS
SM
MD
LG