Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Ameriken an Nan Pòtoprens Mande Ayisyen yo Travay Pou Garanti Avni Peyi yo


Reprezantan gouvènman Obama a nan peyi d Ayiti deklare se dirijan ak sitwayen ayisyen yo ki gen premye obligasyon pou yo garanti avni peyi yo--se pa kominote entènasyonal la. Anbasadè Janet A. Sanderson, ki te pran lapawòl yè swa devan manm Chanm Komès Ayisyen-Ameriken an, HAMCHAM, raple kanmenm pakèt reyalizasyon ki fèt pandan li alatèt misyon diplomatik Etazini an. Madam Sanderson gen pou li kite Ayiti anvan lontan.

Diplomat la deklare Etazini rete angaje bò kote Ayiti nan efò pou refòme Lapolis, gen 20 milyon dola ki deja depanse pou Site Solèy, gen finansman ki bay pou pwogram alimantasyon, gen travay rekonstriksyon apre gwo move tan ki te ravaje Latibonit ak lòt rejyon nan ane 2008 la, san bliye kontribisyon pou kore pwodiksyon nasyonal la.

Korespondan nou Rotchild François, Jr. gen yon repòtaj sou diskou Anbasadè Janet A. Sanderson devam manm HAMCHAM yo nan Pòtoprens. Ou ka tande repòtaj sila a sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG