Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewòp la Bay Ayiti Anviwon 10 Milyon Dola Pou Ede Timoun


Komisyon Ewopeyèn anonse deblokaj yon èd imanitè 7 milyon euro (environ 10 milyon dola) pou Ayiti. Reprezantan Komisyon an nan Pòtoprens, Francesco Gosseti, di Lavwadlamerik lajan sa a pral sèvi pou lite kont malnitrisyon ak mòtalite kay timoun kap viv nan zòn pi vilnerab nan peyi a. Mesye Gosseti presize, se biwo èd imanitè li a ki pral jere asistans sa a.

Francesco Gosseti ajoute ke Komisyon an pral itilize filyè biwo èd imanitè li a, ECHO, pou bay Ayiti asistans li ka bezwen pou ede l fè fas ak sezon siklòn nan.

Si ou ta renmen tande deklarasyon reprezantan Inyon Ewòp la fè lendi 8 jen 2009 la nan mikwo kolaboratè nou Jn-Pierre Leroy, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG