Accessibility links

Breaking News

Ayisyen Nan Florid Rann Pè Gérard Jn-Juste Yon Dènye Omaj


Kominote ayisyèn nan eta Florid rann yon dènye omaj, yon omaj byen merite, pou defen lidè dwa refijye ayisyen yo, yon konbatan pou dwa malere nan peyi d Ayiti, Rev. Pè Gérard Jn-Juste, ki te mouri 27 me pase a.

Yves Mompremier gen deklarasyon plizyè pèsonalite ki te nan fineray Pè Jn-Juste yè samdi a e yo pat manke chante lwanj li pou sa li te reyalize pandan plis pase 30 an anfavè konpatriyòt ayisyen n yo.

Avoka Philippe Brutus deklare, "Pè Jn-Juste te montre tout kalite yon lidè e li te bay egzanp kouraj nan tout aksyon li t'ap mennen pou kominote a."

Marlène Bastien, ki se Responsab òganizasyon FANM (Fanm Ayisyen Nan Miami) di Pè Gérard Jn-Juste te non sèlman defann kòz refijye, pafwa ak pwòp mwayen pa l, men tou li te trase chimen bay lòt moun pou yo aprann sèvi moun parèy yo.

Sous ki pwòch ak fanmi defen an fè konnen kadav li pral ann Ayiti, pi presizeman nan Kavayon (nan Sid peyi a) pou yon lòt fineray, nan dat 19 jen k'ap vini an.

Pou w ka koute repòtaj Yves Mompremier a, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG