Accessibility links

Breaking News

Tennis-Roger Federer Chanpyon 2009 Roland Garros


Roger Federer bat suedwa Robin Soderling dimanch nan final tounwa tennis Open franse a, Roland Garros, ki tap jwe nan vil Paris, kapital Lafrans. Malgre antre "brid-sou-kou" yon fanatik sou teren an, Federer pa kite prezans sa a detounen atansyon li sou objektif final la: ranpòte sèl tounwa Grand Chelem li potko janm genyen nan karyè li akòz yon espayòl ki rele Rafael Nadal e ki, erezman pou suiss la, pa rive kalifye pou final ane sa a.

An 3 manch afile, Federer enpoze l' ak konviksyon (6-1, 7-6, 6-4) sou yon advèse a ki pat rive mete l' nan nivo okazyon an e ranpòte 14èm tit chanpyon li--yon rekò sèl ameriken Pete Sampras te gen nan palmarès li jiska jodi 7 jen 2009 la.

"Se petèt pi gran viktwa mwen, ou sètènmam youn ki retire plis presyon sou zepòl mwen. Kounye a e petèt pou jouk mwen fini karyè m', mwen ka reyèlman jwe ak lespri'm an pè... san panse ke'm pa janm genyen tounwa Roland Garros la". Deklarasyon Roger Federer nan entèviou li bay apre viktwa istorik li ranpòte nan tounwa tennis open franse a, kote finalman li dekwoche koup "mousketè yo" ki tap fè'l filalang depi ane 2006.

Samdi 6 jen an, nan final medam yo, russ Svetlana Kuznetsova, apre 5 ane echèk, finalman poze men li tou sou twofe senp-medam yo.

Chanpyòn 2009 Open franse a bat konpatriyòt e rival li, Dinara Safina--nimewo 1 mondyal--6-4, 6-2. Match la te mete fas pou fas 2 meye jwèz "terre-battue" pou ane 2009 la.

Kuznetsova genyen yon palmarès 15 viktwa pou 17 match jwe pandan sezon an. Palmarès Safina a pi bon toujou: 20 viktwa kont yon defèt nan vil Stuttgart (Almay) devan pesonn dòt ke Kuznetsova.

Men nimewo 1 mondyal la te pral pran revanj li an nan yon viktwa 2 sèt afile nan tounwa Wòm nan, ann Italie. Tou 2 russ yo rate final Paris a nan le pase.

Kuznetsova devan belj Justin Henin an 2006 e ane pase Safina devan jèn e bèl sèb (Serbie) Ana Ivanovic.

XS
SM
MD
LG