Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Make Jou-J a nan Nòmandi, an Frans.


Prezidan ameriken an, Barack Obama, pote-kole ak prezidan fransè a, Nikola Sarkozy, e lidè lòt peyi ki bay sou 2 bò Oseyan Atlantik la pou yo make, nan vil Nòmandi, an Frans, 65èm. anivèsè sa yo rele Jou-J a--jou kote fòs alye yo te debake nan vil fransèz sa a pou lite pou dezokipasyon Lafrans e an menm tan mete fen nan 2èm Gè Mondyal la.

Prezidan Obama pran lapawòl nan okazyon an e li fè konnen Jou-J a reprezante yon moman kote sitwayen mond lib la te pote-kole ansanm, malgre diferans yo, pou yo te mete yon fren nan sa l rele "mechanste" ki te makònen ak ideyoloji nazi a.

Nap site: "Sa nou pa ka ka bliye-–e sa nou pa dwe bliye- sè ke Jou-J a se te moman e se te anplasman kote bravou ak absans egoyism lakay yon ti gwoup dòm te kapab chanje direksyon tout yon syèk. Nan yon moman kote te genyen danje maksimòm nan, nan sikonstans ki te pi sonb yo, yon gwoup dòm ki te panse yo odinè tankou tout tòm, te rive jwenn fòs karaktè ki te nesesè pou yo akonpli sa k te ekstwòdinè."

Aprè seremoni an, misye Obama ak Prezidan Sarkozy te bay yon konferans pou laprès kote youn nan kesyon jounalis yo te poze te gen rapò ak pwogram nikleyè Iranyen an. Men pozisyon Lafrans jan misye Sarkozy eksprime li.

"Nou vle lapè; nou vle dyalòg e nou vle ede yo devlope; men se pa pandan yap chache kache verite sou lasnal nikleyè yo a. Nou klè sou sa e nou rete ini sou pwen sa a."

Nan Konferans pou laprès sa a, lasnal nikleyè Kore di Nò a, ak seri tès peyi sa a fè, sa pa gen lontan, te vini sou le tapi. Prezidan Obama di menmsi Lèzetazini vle sèvi ak diplomasi pou l rezoud pwoblèm sa poze, tout pwogrè depann de konpòtman otorite nò-koreyen yo.

"Tout diplomasi fèt pou gen ladan n reyaksyon pati ki an fas ou a, e fò l montre li serye. Men nou poko wè tip reyaksyon sa a bò kote Kore di Nò."

Pasaj lidè ameriken an nan Nòmandi reprezante vrè objektif toune misye Obama ann Ewòp la: se montre rekonesans Lèzetazini ak kontinan ewopeyen an pou viktim tout lagè ak inite yo nan defans kòz lapè a.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG