Accessibility links

Breaking News

Plizyè Santèn Etidyan Manifeste Ankò Vandredi 5 Jen an Nan Pòtoprens


Etidyan prensipal fakilte Inivèsite Eta Dayiti a kontinye mentni presyon an sou gouvèman ayisyen an pou fòse l mete ann aplikasyon "lwa" sou salè minimèm nan ki fikse a 200 goud pa jou (apeprè 5 dola ameriken) lajan travayè yo dwe touche. Pandan 3 zyèm jounen manifestasyon an pwotestatè yo kraze vit otomobil, voye wòch sou lapolis ki reponn ak bal an kawotchou e ak kout gaz likrimojèn. Korespondan nou nan Pòtoprens, Jean Max Blanc siyale nou omwen gen yon moun blese nan afwontman an.

Jedi, etidyan yo te vize lokal Òganizason Konesans a Libète (FOKAL) yon enstitisyon kiltirèl non-gouvènmantal aktyèl premye minis Michèle D. Pierre-Louis tap dirije. Pou kounye a, enstitisyon an, ki toupre Enstiti INAGHEI (Institut National d'Administration, de Gestion et de Hautes Etudes Internationales) --yon fakilte ki fè pati Inivèsite Deta Dayiti, poko pibliye bilan dega li sibi pandan atak sa a.

Lwa sou salè minimòm nan / ke palman ayisyen an deja apwouve / ap fè fas ak retisans sektè prive a ki fè konnen ogmantasyon sa a pral afekte sektè dafè a ki deja ap fè fas ak konsekans kriz ekonomik mondyal la. Sèten òmdafè di yon ogmantasyon nan nivo sa a kapab bese chif dafè yo, ralanti ekonomi an ki deja pa bon e ogmante to chomaj la paske yo ka oblije revoke anplwaye pou fè fas ak nouvo egzijans yo.

5 me 2009 la, Sena ayisyen an, apre chanm depite, te apwouve, tout manm li san manke youn, dokiman an. Sepandan, prezidan René Préval dwe bay dizon li ou eksprime "objeksyon li" vizavi "lwa a" ki, an reyalite, poko lwa tout tan prezidan an pa siyen l e pibliye l' nan jounal ofisyèl repiblik la, Le Moniteur.

Vandredi, mesye Préval te rankontre ak yon delegasyon sena a pou yon dyalòg sou dokiman an--dyalòg, selon obsèvatè yo, ki te sipoze e te dwe fèt anvan 2 chanm palman an te adopte lwa sou salè minimòm nan. Dapre prezidan Komisyon Finans Sena a, Nenel Cassy, ki te patisipe nan chita-pale a, anyen konkrè pa sòti nan rankont palè nasyonal la...sèlman yon dezi timid chèf leta a pou yo jwenn yon altènatif.

Klike sou ralonj ki anwo e adwat atik la pou'n koute res nouvèl ki domine aktyalite 5 jen an

XS
SM
MD
LG