Accessibility links

Breaking News

Final NBA :  Lakers Kale Orlando  100 A 75


Jedi 4 jen sa a ki te kou davwa seri 7 match final NBA a, nan Los Angeles (Kalifòni) Lakers yo pase yon boudozè sou Orlando Magic 100 a 75--ki donk yon diferans 25 pwen.

Kobe Bryant briye yon lòt fwa ankò . Li make 40 pwen, kenbe 8 rebon e fè 8 pas ki make pwen pou l ede Los Angeles Lakers ranpòte premye viktwa sa a ki genyen yon pakèt enpòtans sikolojik sitou paske ekip Phil Jackson nan pati favori nan final sa a. Defans Orlando Magic la ki montre anpil solidite depi nan kòmansman Playoff la pat kapab kenbe konpa a jedi swa.

Moun kapab konstate yon pwogrè kolektif ki fèt nan mitan kalifònyen yo avèk prestasyon kèk jwè tankou Pau Gasol ak Lamar Odom (nou te ka site plis toujou) ki amelyore travay super star yo a K.B-24.

Mike Pietrus ak Dwight Howard pat ka rive jwenn bout ekip Kobe Bryant ki te vle fè la diferans bonè-bonè. Sepandan seri final yo fenk kòmanse paske Orlando Magic genyen anpil resous pou l remonte pant la, sitou avèk retou Jameer Nelson. 2 ekip yo ap rankontre Dimanch 7 jen an, toujou nan Los Angeles.

XS
SM
MD
LG