Accessibility links

Breaking News

Toune Prezidan Obama Nan Mwayen Oryan an e ann Ewòp - Reyaksyon


Prezidan ameriken an, Barack Obama, twouve l jodi vandredi 5 jen 2009 la nan peyi Lalmay kote, antwòt, li vizite yon ansyen kan konsantrasyon nan vil Buchenwald, aprè li fin rankontre ak Chanselye Angela Merkel nan vil Dresde.

Apre diskou misye Obama fè nan yon mozole ki raple memwa viktim rejim Nazi yo (56 mil moun te pèdi lavi yo nan Kan Buchenwald la), li te pase lapawòl bay loreya Pri Nobèl Lapè Elie Wiesel, ki te sibi tout rigè ak doulè kan konsantrasyon sa a kote papa l te mouri pandan 2èm. Gè Mondyal la. Prezidan Obama ak misye Wiesel pase yon bon tan ap pale de mechanste ki makònen ak istwa trajik Kan Buchenwald la, pandan yo lanse apèl pou mande chanjman nan konpòtman lòm pou sa ki te pase nan kan sa a e lòt kote sou kontinan ewòpeyen an pandan lagè a pa repete ankò.

Aprè misye Wisel te fin pale, li te mache sou Prezidan Obama pou ba li yon akolad sou 2 bò, e li te fè menm bagay la tou pou Chanselye Angela Merkel. Demen samdi a, prezidan ameriken an prale nan peyi Lafrans kote li pral asiste seremoni kap make 65kyèm anivèsè "Envasyon Nòmandi a", yon operasyon militè enpòtan nan efò Lèzetazini (an patikilye) ak fòs alye yo an jeneral te fè pou mete fen nan 2èm. Gè Mondyal la.

Yon lòt kote, prezidan ameriken an, Barack Obama, fè konnen lè a rive jounen jodiya pou presyon fèt pou pati konsène yo jwenn yon antant nan kriz Mwayen Oryan an, e bon jan pwogrè kapab fèt ane sa a nan efò pou rezoud konfli izrayelo-palestinyen an. Misye Obama pale konsa aprè li te fin fè yon rankont ak chanselye alman-an, Angela Merkel, nan vil Dresde, ann Almay, jodi vandredi 5 jen-an --swa yon jou aprè li te fè yon diskou nan yon inivèsite nan vil Lekèr, ann Ejip, kote li te lanse apèl pou l mande yon nouvo depa nan relasyon ant Lèzetazini ak mond mizilman an.

Misye Obama, ki te gen madam Merkel bò kote l, di--nap site: ”Washington pa kapab fòse izrayelyen yo ni palestinyen yo; sepandan li ka ede yo fè limyè sou mezantant ki egziste ant 2 pati yo pou yo ka lanse yon pwosesis nan direksyon yon solisyon final. Lidè ameriken an ak chèf gouvènman alman an pran angajman pou yo pote konkou yo nan efò pou kreye yon eta palestinyen estab ki ta egziste kòt-a-kòt avèk Izrayèl.

Reyaksyon sou mesaj prezidan Obama mete devan pèp mizilman yo a travè lemond yè jedi 4 jen an nan vil Lekèr, ann Ejip:

Lidè relijye nan univèsite AL–Azhar la, ki te ko-patwone entèvansyon prezidan ameriken an nan ansyen lekòl siperyè sa a, fè konnen yo byen akeyi deklarasyon misye Obama fè yo kòm-nap site : “Yon pwomès pou genyen yon nouvo tip relasyon ant Lèzetezini ak mizilman yo.”

Isit Washington, prezidan Chanm dè Reprezantan an, Demokrat Nancy Pelosi, pwofite yè jedi a de yon pwen de près li bay chak semèn pou l di Ameriken yo ta dwe fyè de diskou prezidan yo a fè nan Lejip la. Daprè Madam Pelosi, misye Obama mete yon mesaj pozitif devan mond mizilman an sou nesesite pou responsab mondyal yo chache mete fen nan zak vyolans e ankouraje respè pou dwazimen.

Prezidan Chanm dè Reprezantan an di: “Mwen panse se yon triyonf total-kapital. Li ba nou tout anpil fyète lè li pale sou yon ton trè pozitif de yon nouvo depa nan rapò nou ak mond mizilman an, e defason nou kapab travay ansanm sou nesesite pou n konbat vyolans. Se pa ti kontan m kontan deske li abòde divès kesyon ki gen rapò ak dwazimen, pami yo genyen dwa medam yo.”

Bò kote republiken yo, lidè yo nan Chanm nan, John Boehner, di li konsidere mesaj prezidan Obama-a kom yon diskou ki byen panse e ki chaje ak optimism. Sepandan, li pa mete dlo nan bouch li pou l di li pa pataje opinion misye Obama sou konfli izrayelo-palestinyen an.

Daprè misye Boehner, prezidan an twonpe l anpil lè l lage menm kalte blam nan sou do palestinyen yo e sou do izrayelyen yo. Sitasyon: “Izrayelyen yo gen dwa defann tèt yo, e ki jan prezidan an fè kapab mete yo nan menm bwat ak palestinyen yo? Mwen gen yon ti pwoblèm avèk sa… paske, Hamas se yon òganizasyon teworis. Se siryen ak iranyen yo kap finanse yo… Alòs, mwen pa panse izrayelyen yo merite pou moun klase yo nan menm kategori ak teworis.”


XS
SM
MD
LG