Ameriken yo selebre fèt nasyonal peyi yo chak 4 jiyè avek fe datifis, parad e ak lòt pwogram tankou piknik ak babekyou pou zanmi ak fanmi yo. Ane sa a, anbasad amerikèn yo atravè lemond gen opotinite akeyi nouvo envite pou vinn selebre avèk yo: Diplomat iranyen yo. Depatman Deta Lèzetazini / ki divòse ak politik ansyen administrasyon yo, otorize anbasad li yo mande ofisyèl nan gouvènman iranyen an vin patisipe nan selebrasyon fèt 4 jiyè a. Lèzetazini te koupe relasyon diplomatik li ak Iran nan lane 1979 apre yon gwoup etidyan iranyen te kenbe kòm otaj nan vil Tehran pèsonèl diplomatik anbasad amerikèn nan pandan plis pase 400 jou.
Ouvèti sa a rive nan moman Etazini ap chèche angaje gouvènman iranyen an direkteman sou divès kesyon, pami yo pwogram nikleyè Teheran an. Pòtpawòl adjwen Depatman Deta ameriken Robert Wood fè konnen envitasyon nou lanse bay diplomat Iranyen pou yo vinn patisipe nan selebrasyon fèt nasyonal amerikèn nan antre nan efò nap fè pou n’ ka gen kontak dirèk avèk Iran.
“Politik nou, se eseye lonje men bay gouvènman ak pèp iranyen an. Prezidan Barack Obama ak Sekretè Deta Hillary Clinton di a klè se objektif sa a Lèzetazini vle reyalize. E ou konnen, sètènman, pral gen lòt opòtinite ki pral pèmèt nou rapwoche nou ak Iran. Nap tann toujou repons Iran sou opòtinite rapwochman nou ofri li a."
Mesye Wood kontinye pou l’ di: Lèzetazini ta renmen jwenn yon repons pozitif Iran sou òf li fè pou l patisipe totalman nan dyalog « P5 plis 1 an » ap fè sou pwogram nikleyè iranyen an. P5 plis 1 se gwoup 5 manm pèmanan Konsèy Sekirite L’ONU an : Angletè, Lachin, Lafrans, Larisi, Lèzetazini, plis Lalmay.
Pòtpawòl adjwen Wood ajoute «envitasyon nou lanse bay diplomat iranyen yo pou yo vin patisipe nan selebrasyon 4 jiyè a, se yon siy ki montre Lèzetazini ap pran yon nouvou direksyon vizavi Iran ». “Nou vle angaje pèp iranyen an e, atravè sitwayen yo, touche gouvènman yo a. E se jisteman yon mwayen ki ka pèmèt nou reyalize objektif sa a ».