Accessibility links

Breaking News

Preparasyon Ann Ayiti Pou Sezon Siklòn Nan


Ayiti se youn nan peyi nan atlantik la ki viktim preske chak ane anba move tan ak siklòn. E sezon siklòn nan ki kòmanse depi premye jou mwad' jen an deja bay popilasyon ayisyyèn nan gwo kè sote.

Nou pa bezwen ale twò lwen pou wè ki jan peyi a te ravaje. Ane pase sèlman, Ayiti te viktim anba 4 sistèm twopikal ki te fè anpil dega e ki te lage anpil dèy pami ayisyen yo. Konsekans, tras ak move souvni mote tan sa yo toujou prezan nan kè e nan lespri popilasyon zòn ki te pi touche yo tankou nan sid ak Latibonit.

Ki jan sitiyasyon ye ane sa a pou peyi d'Ayiti ? Ki sa otorite yo ta dwe fè pou evite menm dega yo? Ki mezi responsab konsène dwe adopte pou pwoteje popilasyon aisyèn nan ? Pou repon kesyon sa yo ak lòt ankò, Sèvis Kreyòl Lavwad' Lamerik te envite 2 spesyalis nan pwogram lib tribin ni an "Dyaloge ak Etazini " ki pase chak mèkredi. E envite mèkredi 3 jen sa a se dabò espesyalis meteo e previzyonis nan Sant Nasyonal Meteo Ayiti a, Marcelin Esterlin. Lòt envite a se enjenyè-jeològ Jocelyn David ki nan eta Florid.

Pou n' koute pwogram sa, a klike sou ralonj anwo e adwat la paj la.

XS
SM
MD
LG