Accessibility links

Breaking News

39vyèm Asanble Jeneral OEA a Ouvè Madi 2 Jen an Nan Honduras


Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ouvè 39e Asanble Jeneral li madi 2 jen an nan peyi Honduras avèk deba ki ka fèt sou posibilite pou Kiba retounen nan òganizasyon emisferik la apre yon absans 47 an. Sekretè Deta Ameriken Hillary Clinton rejwen minis afè etranjè 33 lòt peyi OEA yo nan 2 jou rasanbleman sa a kap dewoule nan vil San Pedro Sula.

Plizyè peyi nan Amerik Latin nan apiye lide pou OEA ta leve sispansyon ki sou Kiba a, e Sekretè Deta Clinton te di Etazini ap tann jou kote Kiba va kapab rejwenn gwoup la.

Sepandan Washington presize, La Avàn dwe fè kèk refòm avan pou li retounen nan l'OEA ki te mete Kuba deyò an 1962, 3 zan apre revolusyon kominis Fidel Castro a. Kiba, bò kote pal, fè konnen li pa enterese ditou nan retounen manm OEA.

Yon lòt kote, nouvo prezidan Salvador a, Mauricio Funes, pran angajman, pandan prestasyond' sèman l yè lendi a, pou l retabli relasyon diplomatik ak Kiba. Aktuèlman, Salvador se sèl peyi nan rejyon Amerik Latin nan ki pa gen relasyon diplomatik ak Kiba. Washington pa gen relasyon diplomatik non plis ak La Avàn. Dosye Ayiti twouve l' pami pwen reprezantan OEA yo pral abòde nan okazyon 39vyèm Asanble Jeneral sa a. Yo pral analize supò pou kore stabilite politik ak devlopman sosyo-ekonomik repiblik ayisyen an.

XS
SM
MD
LG