Accessibility links

Breaking News

Chèche Yon Antant Nan Moritani


Anpil chita pale ap fèt nan Moritani pou retablisman lòd konstitisyonèl la nan nasyon Afrik Oksidantal la 9 mwa apre yon koudeta militè pasifik te kapote premye prezidan demokratikman eli a sou pouvwa a. Negosyasyon yo ap dewoule nan yon moman kritik, kote eleksyon prezidansyèl 6 jen an / ki pa gen apui tout pèp moritanyen an / kapab kore sitiasyon de fakto ki ekziste nan peyi a si eleksyon an ta rive fèt...Lèzetazuni ankouraje tout pati yo travay pou yo jwenn yon solisyon tèt ansanm nan kriz la.

Nan mwa out ane pase a, yon jent militè ki gen nan tèt li Jeneral Moahamed Ould Abdel Aziz ak lòt ofisye wo grade te kapote prezidan Sidi Ouid Cheikh Abdallahi sou pouvwa a. Lòt nasyon afrikèn yo ak kominote entènasyonal la kondane mouvman an ke yo konsidere kòm yon presedan danjere ki kapab destabilize kontinan an.

Jeneral Aziz mete prezidan Abdallahi an rezidans siveye e li refize aplike rezolisyon Inyon Afrikèn nan adopte pou mande l' reyenstale chèf leta a nan pòs li. Jeneral Aziz fè konnen desizyon sa a pa nan enterè pèp moritanyen an e l' otorize ansyen manm lame a poze kandidati yo.

An plis de sa, Aziz pran retrèt li pou l kapab patisipe nan eleksyon an. Pi fò pati nan opozisyon an deside boykote eleksyon yo poutèt kalandriye elektoral la sou kontwòl jent militè a; e si eleksyon 6 jen yo rive fèt jan sa prevwa nan kalandrye elektoral la, Aziz gen anpil chans pou l ranpote laviktwa.

Etan done sitiasyon an nan peyi sa a, kominote entènasyonal la kapab pa rekonèt rezulta eleksyon yo, eleksyon ilegal, ki pap bay jent militè a lejitimite ap chèche a.

Sa ki ta pi bon, se ta retade eleksyon yo pou pèmèt diskisyon kap dewoule yo rapousiv sou patronaj gouvènman Libyen an akgouvènman senegalè a. Yon demach ki ta kapab bay 2 pati yo plis tan pou yo rezoud kriz la.

XS
SM
MD
LG