Accessibility links

Breaking News

Yon Airbus A-330 Air France Disparèt nan Oseyan Atlantik la


Yon avyon Airbus A-330 konpayi aeryèn Air France disparèt ak plis pase 200 pasaje abò l' e otorite yo krenn pou se pa tonbe li tonbe apre li te rankontre move tan pandan li tap kite kòt peyi Brezil.

Nan vil Paris Pierre Henri Gourgeon, yon gwo responsab nan Konpayi Air France di vòl 447 la te disparèt sou rada yo bonè maten an preske 4 trè-d-tan apre l te kite vil Rio de Janeiro.

Pou sa ki gen rapò ak koz disparisyon aparèy la, responsab yo pale de pàn elektrik ak turbulans ki te genyen nan atmosfè a, nan rejyon Atlantik la.

Dènye nouvèl yo pale de kout zèklè ki ta frape avyon sa a ki abitue fè trajè Rio de Janeiro-Paris-Charles-de-Gaulle. Prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy, te fè yon vizit lendi nan aewopò Roissy-Charles-de-Gaulle la.

Responsab yo deja mete sou pye operasyon rechèch ak sekou nan zòn atlantik la byenke Air France ekate posibilite pou yo jwenn moun ki ta chape nan aksidan sa a.

Pou dènye devlòpman sou nouvèl la nou te pale ak jounalis ayisyen Weibert Arthus ki nan vil Paris nan peyi Lafrans.

Klike anwo, adwat, paj sit la pou n' koute entèvyou li a.

XS
SM
MD
LG