Accessibility links

Breaking News

The Times: 20 Mil Sivil Mouri Nan Dènye Afwontman Nan Sri Lanka yo


Lame nan peyi Sri Lanka demanti nouvèl ki parèt nan edisyon Jounal britanik ‘‘The Times’’ vandredi 29 me a e ki fè konprann ta gen plis pase 20 mil sivil ki ta mouri nan dènye afwontman ki mete fen nan 25 kan rebelyon mouvman Liberasyon Tig Elaam Tamoul la (LTTE) nan Sri Lanka.

Plizyè santèn milye moun ras Tamoul te nan zòn lagè a nan moman fòs gouvènman an ak rebèl Tig Tamoul yo tap boukante kout zam lou.

‘‘The Times’’ presize yon ankèt endepandan akonpaye ak foto aeryen, dokiman ofisyèl, temwayaj temwen ak espesyalis montre 20 mil nan sivil sa yo peri e pi fò ladan yo tonbe anba kout zam fòs gouvènmantal yo.

Sepandan pou responsab Nasyonzini yo, se ta sèlman 7 mil sivil ki mouri nan dènye batay sanglan ki te dewoule nan koumansman mwa me sa a.

Konsèy Dwa Moun L'Onu an rejte mèkredi 27 me a apèl pou l ta ouvè yon ankèt pou krim lagè. Konsèy la bat bravo pou gouvènman Sri lankè a apre sa l rele liberasyon plizyè santèn milye sivil e li akize rebèl Tamoul yo dèske yo te itilize sivil kòm boukliye imen.


Rebel Tig Elaam Tamoul yo te kòmanse mouvman yo an 1983 avè yon lut ame pou kreye yon Eta separe tamoul (non minorite etnik kap viv nan Sri Lanka). Nasyonzini estime gen anviwon 100 mil moun ki peri pandan 2 dizèn lane konfli a.

XS
SM
MD
LG