Nan pwogram lib tribun Lavwadlamerik la sou enpak kriz ekonomik mondyal la sou ti peyi yo, envite nou yo raple ki jan kriz finansè a ak kriz ekonomik la afekte peyi tankou Ayiti e yo bay lide sou sa peyi yo ka fè pou fè fas ak 2 kriz sa yo. Envite nou yo se doktè Paul Latortue, dwayen Fakilte Administrasyon d'antrepriz nan inivèsite Porto-Rico; Harry Fouché, yon ekonomis k'ap travay pou eta Illinois ozetazini; Pierre-Marie Boisson, ekonomis an chèf nan SOGEBANK an Ayiti; e Kesner Pharel, prezidan direktè jeneral Gwoup Kwasans nan Pòtoprens.
Si ou ta renmen koute pwogram Lib Tribin sa a, klike sou lyen anlè e adwat atik sa a.