Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Nonmen Sonia Sotomayor Kòm Premye Jij Ras Ispanik Pou Kou Siprèm Nan


Prezidan Barack Obama anonse madi 26 me a li chwazi ofisyèlman jij federal Sonia Sotomayor pou fè pati 9 manm Kou Siprèm nan---pi gwo tribinal Lèzetazini.

Nan okazyon an, prezidan ameriken an fè lwanj pou jij Sotomayor li di "ki pral pote nan Kou Siprèm nan konesans, eksperyans ak sajès li ranmase pandan karyè manch long li nan sistèm jistis Etazini an".

Si Sena a konfime nominasyon an, Sotomayor (54 tran) pral tounen premye majistra ispanik nan listwa Etazini kap syeje nan Kou Siprèm nan. Se va 2zyèm fanm nan pi gwo enstans jidisyè peyi a bò kote Ruth Bader Ginsburg. Sotomayor te pran nesans nan vil New York e paran l soti Pòto-Riko.

Sonia Sotomayor dwe ranplase juj David Souter ki deside pran retrèt li nan finisman mwa jen an. Juj Souter ap kite Kou Suprèm nan apre 19 van sèvis. Se prezidan George H. W. Bush (Bush papa ansyen prezidan George W. Bush) ki te nonmen l nan pòs la.

Prezidan Obama ki te pase kèk jou ap etudye dosye plizyè kandida, te di lap chèche pou Kou Siprèm nan yon moun ki renmen prensip ki nan konstitisyon Etazini an e ki kapab idantifye espwa ak lit pèp ameriken an.

Kounye a, dosye a nan men Sena a ki pral gen pou konfime oubyen rejte nominasyon an. Senatè repibliken Mitch McConnell di pati minoritè a pral etidye dosye jij Sotomayor anvan li vote konfimasyon l, yon fason pou li ka sèten ke pozisyon pèsonèl kandida a pa anpeche l' pran desizyon ki jis lè li rive nan Kou Siprèm nan.

XS
SM
MD
LG