Accessibility links

Breaking News

Aktè Ayisyen Jimmy Jean-Louis Kondane Eksplwatasyon Timoun Nan Peyi Dayiti


Aktè ayisyen Jimmy Jean-Louis, ki jwe wòl "The Haitian : Ayisyen an"--nan feyton popilè "Heroes" chèn televizyon ameriken NBC lanse yon kanpay pwomosyon 6 mwa pou sansibilize opinyon piblik la sou esklavaj, trafik ak eksplwatasyon timoun nan peyi Dayiti. Tèm kanpay sa a se "Mwen se Ayiti tou".

Nan yon entèviou li bay Sèvis Kreyòl la 21 me pase a, Jean Louis di Serge Rodriguez "mwen te timoun tou, mwen leve grandi ann' Ayiti. Mwen konpran sitiasyon an... se yon dezas. Jean-Louis, ki se anbasadè "bòn volonte Fondasyon Panamerikèn Devlopman (PADF) pou kòz timoun yo, di timoun ap soufri nan peyi Dayiti--peyi pi pòv nan emisfè oksidantal la.

Aktè a di "sitiasyon yo difisil paske y'ap itilize, abize e fòse yo travay. Kanpay "Mwen se Ayiti tou" a sou pye pou apiye efò pou redui eksplwatasyon timoun, voye don ak asistans alimantè pou yo epi kore fòmasyon ajan polis.

Jimmy Jean-Louis, ki renome entènasyonalman pou pèfòmans li nan fim tankou Tears of the Sun, Hollywood Homicide ak Monster in Law, deklare li vle mete selebrite osèvis yon bon kòz. E li di "Hollywood se yon puisans, si ou gen atansyon medya yo ou ka atire atansyon lemond".

Jimmy Jean-Louis genyen tou pwòp òganizasyon charite li "Hollywood Ini Pou Ayitii". Objektif li se akonpaye timoun yo atravè spò ak aktivite kiltirèl pou anpeche yo rete nan lari a.
"Nou genyen yon bann kòz pou n' defann, men mwen panse spò ak aktivite kiltirèl ka ede louvri lespri timoun sa yo". Deklarasyon aktè ayisyen Jimmy Jean-Louis nan mikwo Lavwad'lamerik.
XS
SM
MD
LG