Accessibility links

Breaking News

Sant Nasyonal Meteowoloji Ayiti Dekrete Alèt Wouj Sou Plizyè Depatman Peyi a


Yon zòn bas presyon bawometrik ki sou Oseyan Atlantik la, pi ekzatteman o nò Kiba, pouse direktè Sant nasyonal meteowoloji ayisyen an dekrete alèt wouj pou Depatman sid, sidès, Nippes ak Grand'Anse, ak alèt oranj pou lòt depatman yo.

Ronald Sémelfort konseye abitan nan rejyon sa yo pou yo pa kite timoun dòmi atè, mete tout dokiman enpòtan yo an sekirite, pa al eseye janbe rivyè kap desan epi pou yo suiv konsèy Direksyon Pwoteksyon sivil ak Sant nasyonal Meteowoloji a, paske mwenske yon semèn anvan koumansman sezon siklòn nan--kap tanmen premye jen--gen risk pou kondisyon meteowolojik yo pwovoke inondasyon ak eboulman ki kapab genyen konsekans grav pou popilasyon an. Responsab menm anile vòl avyon nan direksyon kèk depatman.

Antretan, Clarens Renois, korespondan Sèvis Kreyòl la, di nou move tan yo deja touye yon demi douzèn moun atravè Ayiti, dapre ministè enteryè. E Galilée Périlus fè nou konnen prezidan René Préval te vizite mèkredi vil Senmak pou konstate ak je li dega ki fèt nan rejyon an ak travay ki sou pye pou pwoteje vil ak bouk nan depatman Atibonit la pandan e apre sezon siklonik la.

(Non prensipal tanpèt twopikal ak siklòn yo prevwa pou ane 2009 la: Ana, Bill, Claudette, Danny, Erika, Fred, Grace, Henri, Ida, Joaquin, Kate, Larry, Mindy, Nicholas, Odette, Peter, Rose, Sam, Teresa, Victor, Wanda.)

NB: Fè yon klik sou ralonj ki anwo e adwat paj web la pou plis presizyon sou pwen sa yo.


XS
SM
MD
LG